Jodi a se Premye Me, Jounen Entènasyonal Travayè. Nan tout peyi sou latè, se yon dat ki chaje ak sans, ki make listwa batay, grèv, san, ak viktwa klas ouvriyè yo kont esklavaj modèn, kont eksplwatasyon, kont ensekirite travay, pou dwa sendikal ak jistis sosyal.

Men, ki sans Premye Me genyen ann Ayiti jodi a ?
Li vin jis yon jou ferye, yon tan repo kote leta fè deklarasyon vid, e plizyè lòt sektè ap plante pye bwa san okenn koneksyon ak batay ouvriye yo. Yo pa pale sou salè minimòm, sou vyolasyon dwa travayè, sou kondisyon endijèn kote travayè ap rale lavi tankou bèt.
Yo mete vèt sou tout sa ki te wouj. Yo plante pyebwa sou kadav memwa lit ouvriye yo.

Premye Me a pa separe de lit sosyal. Se pa yon fèt agrikilti, se pa yon « opòtinite nasyonal ». Se dat kote sou 5 kontinan, travayè te leve kanpe pou mande 8 èdtan travay, 8 èdtan repo, 8 èdtan lavi.
Nan Chicago an 1886, se te san ki te koule pou sa. Nan Repiblik Dominikèn, El Salvador, Lafrans, Brezil, travayè toujou manifeste chak ane pou fè revandikasyon. Men ann Ayiti, se flanm dife memwa a yo touye.

Epi, ironi total la se sa : Premye Me se jounen travayè, e jodi a travayè Ayisyen se moun ki pi meprize.
– Peyi a gen plis pase 80% moun ki pa gen travay fòmèl.
– Travayè faktori yo ap viv ak mwens pase 3 dola pa jou.
– Okenn lwa sou travay pa aplike seryezman.
– Travayè kay yo toujou san pwoteksyon, san asirans, san dwa.
– Sendika yo kriminalize, militan yo pèsekite.

Men se nan menm peyi sa a, otorite vin plante pyebwa jou Premye Me, tankou se flè yo mete sou tonm lit sosyal.

Nou dwe di sa klè : se pa move bagay plante pyebwa. Men, premye Me pa fèt pou sa.
Premye Me fèt pou nou poze kesyon sa yo :
– Poukisa salè minimòm lan toujou pi ba pase pri manje chak jou ?
– Poukisa se gwoup oligak ki toujou ap itilize travayè tankou bèt chay ?
– Poukisa, chak fwa gen grèv, se gaz lakrimojèn ki repons ?
– Poukisa travayè agrikòl, travayè kay, pwofesè, sante, tout pèdi vwa yo nan sistèm lan ?

Premye Me, se pa tan simaye vèb, se tan pou n tande vwa.
Vwa moun k ap leve maten, san transpò, san asirans, san kontra, san asirans. Vwa travayè ki swaf jistis. Se pa bèl afich, se pa rale rad vèt.
Se egzije dwa. Se mete limyè sou esklavaj ki toujou ap viv anba rad ofisyèl.

Si Leta ak sosyete sivil pa ka onore jounen travayè a jan li merite, an n pa pran pretèks agrikilti pou fè silans sou malè ouvriye yo. Se pa pyebwa k ap sove travayè, se jistis sosyal. Se pa plant ki dwe pouse premye me — se diyite.

Jean Launy AVRIL
Editoryalis – Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar