Gang ame pran kontwòl estasyon radyo Panic FM ki nan Mirebalais, depatman Sant Ayiti, epi depi prèske yon semèn yo ap sèvi ak li pou mete mizik ak mesaj ki fè lwanj pou chèf gang Jeff Canaan.
Pandan otorite yo fè kwè yo rekipere radyo panic, Centre à la UNE verifye jiska lendi 5 Me sa’a bandi yo toujou genyen kontwòl Radio ap woule mizik ki ap fè apoloji gang yo.
Okipasyon medya lokal sa a, apre plizyè estasyon te boule nan Pòtoprens, mete laperèz sou moun ki abite zòn nan epi ogmante chòk y ap viv deja.
Daprè ekstrè odyo ajans laprès AyiboPost jwenn, yon vwa ki prezante tèt li kòm « Zo level » ap itilize on radyo a pou fè apoloji zak kriminèl gang lan epi ankouraje moun retounen lakay yo, malgre menas ki toujou la.
Okipasyon sa a rive nan yon kontèks ensekirite grav ki te lakoz plis pase 50 000 moun deplase nan rejyon an pandan mwa mas la, tankou Rodnel Romelus ki te oblije sove ak fanmi li.
Pwopagann sa a ap simen panik ak mefyans nan mitan popilasyon an. Nan mwayen ak long tèm, daprè plizyè sikològ, li ka vin fè vyolans ame parèt nòma nan mitan kominote a, epi mete plis dout sou kapasite enstitisyon yo. « Se yon zak laterè sikolojik ki vize enpoze dominasyon gang yo sou espas piblik la nan sans senbolik », se sa yon sikològ ki abite Ench di, sou kondisyon pou non li pa site.
Anplis de sa, sitiyasyon sa a mete limyè sou jan Leta pa gen kontwòl reyèl sou frekans radyo yo. Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), ki se ògàn regilasyon sektè a, mete règ sevè pou jwenn epi opere yon estasyon radyo nan peyi a, sitou sou kesyon sekirite, etik ak lòd piblik. Vyolasyon evidan règ sa yo soulve kesyon sou kapasite CONATEL genyen jodi a pou kontwole epi entèvni, nan yon klima kote kriz ap miltipliye.
Sak rive Panic FM nan Mirebalais montre kijan gang ame yo ap devlope pi plis taktik non sèlman lan pran teritwa fizik, men tou lan kontwole lespri moun kap viv nan kominote a.
Henri Alphonse
Jounalis / Kominikatè sosyal