Nan mitan yon kriz sosyo-politik ki pa janm fini, sistèm sante ayisyen an kontinye montre limit li, sitou nan zòn metwopolitèn Pòtoprens kote plis pase 3 milyon moun ap viv nan kondisyon ki pa bon pou lasante.

Mank aksè ak dlo potab, kouran, swen medikal ak sèvis sanitè ap lakòz maladi ap simaye, moun ap mouri ak maladi ki fasil pou evite, epi timoun yo vin pi frajil chak jou.

Selon Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP), plis pase 45% sant sante nan zòn metwopolitèn nan pa fonksyone regilyèman, swa yo pa gen kouran, swa yo pa gen medikaman, oswa pa gen pèsonèl kalifye. Anplis, yon timoun sou chak senk (1/5) ki poko gen 5 an soufri de malnitrisyon kwonik nan Pòtoprens. Sa vin ogmante risk lanmò timoun, febli sistèm iminitè yo, e rann yo plis ekspoze a maladi tankou dyare, nemoni, ak maladi po.

Maladi dyare — ki asosye ak dlo kontamine ak mank latrin — kontinye youn nan premye koz lanmò lakay timoun piti. Pandan ane 2023 la sèlman, plis pase 20,000 ka kolera te rapòte nan Pòtoprens, dapre Oganizasyon Mondyal Lasante (OMS), pami yo, majorite soti nan katye ki pa gen aksè ak dlo potab ak sèvis sanitè. Kolera, ki ka touye nan kèk èdtan si pa gen swen, kontinye gaye nan lakou lekòl, mache, ak fwaye kote moun viv kole.

Lidè kominotè Jean-Baptiste Lamy temwanye :

« Lè moun malad, yo oblije fè 2-3 èdtan sou motosiklèt oswa machin pou rive lopital. Lè yo rive, swa pa gen doktè, swa pa gen sirin, swa yo voye ou achte medikaman nan lari a. Sa se krim sosyal. »

Plizyè lopital referans tankou Lopital Jeneral ap fonksyone anba nivo, epi plizyè sant sante kominotè ki te sipòte pa ONG yo fèmen oswa redui sèvis yo akòz mank finansman. Moun ki gen mwayen vire do bay sistèm lan pou al chèche swen nan lopital prive, tandiske rès popilasyon an rete abandone.

Konsekans yo grav :

  • Ogmantasyon lanmò ki ka evite
  • Ogmantasyon nan depresyon ak twoub mantal
  • Rediksyon esperans lavi
  • Feblès devlopman timoun ak jèn yo
  • Ensekirite sante ki afekte tout lòt domèn lavi (edikatè, travay, mobilite)

« Leta dwe mete lasante nan mitan priyorite li yo. Si ou pa gen popilasyon ki an sante, ou pa ka pale de devlopman, » dapre deklarasyon Marie-Marthe Joseph, aktè sosyal nan Delmas.

Kominote yo kontinye mete tèt ansanm pou devlope solisyon lokal, men san estrikti solid ak angajman gouvènmantal, popilasyon an ap kontinye tonbe pi fon nan kriz sante, ak tout konsekans li sou lavi chak fanmi.

Henri Alphonse
Journalis e kominikatè sosyal

By Henry ALPHONSE

Jounalis ak Kominikatè Sosyal | Konsiltan nan Kominikasyon pou Devlopman Li se yon jounalis angaje ki gen eksperyans nan laprès ayisyèn, kote li te deja prezante nan jounal Le Nouvelliste, pi ansyen jounal chak jou nan peyi a. Kòm yon kominikatè sosyal, li mete talan li o sèvis devlopman kominotè atravè konsiltasyon ak animasyon pwojè. Li se kowòdonatè Consommateurs Solidaires, yon platfòm ki mete an rezo konsomatè ak pwodiktè ayisyen oubyen ayisyen desandan, pou fasilite echanj, kolaborasyon ak koperasyon. Platfòm sa a angaje l nan ankourajman pwodiksyon nasyonal, konsomasyon entelijan, devlopman dirab, antreprenarya jenès ak fanm, epi ekonomi sosyal ak solidaire. Travay li kontribye nan bati pon ant konsyans ekonomik ak inisyativ lokal.