Depi aprè teyoris viv ansanm yo atake vil Mibalè nan lannuit 30 pou louvri 31 Mas. Kote lapolis nasyonal peyi Ayiti, UDMO yo te kouri abandone komisarya, sa kite ran n tach la pi fasil pou bandi ame yo, malgre plizyè inite nan polis la tankou ; SWAT, BRI, UTAG, BOID pat anpeche bandi yo pran kontwòl prizon an pou libere plis pase 500 prizonye, answit pou kraze ak kout mas komisarya site Benwa Batravil la.

Dimanch ki sot pase laa anviwon 3 bis jòn ranpli ak bandi soti Kwadèboukè, pase byen alèz sou wout nasyonal nimewo 3 a, rantre Sodo ak bann rara, benyen nan kreson epi aprè pase nan sant vil Mibalè pou retounen Kwadèboukè selon sa divès abitan fondjab ak Sodo rakonte Centre à la UNE.

Lendi sa a nan zòn Siseven avan Kafou Pelig plizyè moun ki t ap tante rantre lakay yo aprè nòt vokal san idantite, moun san tit ni kalite te di yo rantre lakay yo pou vin fèmen pòt kay yo ki louvri, epi lòt kite vin sove machandiz nan biznis yo, youn nan moun sa yo mouri ak bal teyoris yo epi divès lòt soti blese.

Nan yon repòtaj odyo vizyèl PNH la pibliye lendi 5 me a, yo rapòte polis la pa sispann mennen operasyon pou lavi ka reprann nan komin nan, sepandan plizyè sitwayen nan kòmantè yo sou rezo sosyal yo pa kache mekontantman yo e fè konnen sa ki montre nan videyo an kontrè ak reyalite a.

Lapolis di yo mennen operasyon nan Domon, sepandan plizyè mibalezyen di Domon se yon zòn andeyò vil la ki poko atake pa bandi.

Nan menm repòtaj odyo vizyèl sila lapolis montre imaj polisye sou yon tèren ki sitiye l nan zòn dlo gaye yon kote ki ak plizyè kilomèt de sant vil Mibalè, yon lòt bò toujou nan videyo repòtaj sila pa gen yon imaj ki demontre kote polisye yo menm rive kafou pelig pou ta fè yon kelkonk entèvansyon men se pito imaj dwòn ki ap montre kafou pelig, menm jan imaj dwo n yo t ap montre bandi yo ki t ap piye tout richès malere ak malerèz yo nan mache kominal mibalè a.

Daprè sa plizyè moun ki sòti Mibalè ak Sodo deklare bay jounal Centre à la Une, yo pè pou se pa pwopagan n reponsab nan piwo nivo nan PNH la ap fè ak koze Mibalè a, pandan pwoblèm yo pa rezoud. Moun yo rapousib pou fè konnen plis pase 30 jou yap viv mal epi dòmi nan move kondisyon, sepandan Leta ki dwe yo sekirite pa rive pwoteje lavi ak byen yo, e pa men m sòti yon nòt pou eksprime senpati yo.

Joseph Samuel GUILLAUME, Centre à la UNE.