DIPLOMASI : Lachin ak Etazini pral rankontre pou pale de komès premye fwa depi Trump te enpoze tarif dwanye yo sou Peken ki te riposte
Selon sa Ministè Komès Chinwa a pibliye mèkredi 7 me 2025 la, peyi Lachin ak Etazini anonse yo pral rankontre nan fen semèn k ap vini an la a nan peyi Laswis, pou poze yon baz pou yo kapab chita pale sou kesyon komès ant 2 peyi rival yo.
Se premye chita peyi yo pral fè depi Donald Trump te enpoze tarif tèt chaje li yo sou machandiz Chinwa yo ak repons resipwòk Peken te bay sou tarif Ameriken yo.
N ap fè remake, Peken klarifye ouvètman li « p ap sakrifye pozisyon prensipal li yo, e li pral defann jistis li pandan reyinyon sa a ki pran fèt ant Vis Premye minis Chinwa a He Lifeng, Sekretè Trezò Ameriken an Scott Bessent ak reprezantan Komès Ameriken an, Jamieson Greer.
N ap raple, nan yon rapò prezidan entèlijans kongrè Ameriken an Rick Crawford te prezante semèn pase bay kongrè a, men sa li te deklare: « Peyi Lachin kapab depase Etazini nan koze enfliyans nan rejyon Karayib la, si Washington pa ogmante rapid vit komès ak envestisman li nan rejyon an. » Se yon delegasyon Repibliken nan kongrè a ki te prezante rapò sa a aprè vizit yo nan Karayib la.
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE