Pérouse, Itali nan kad XLVIIe edisyon Convegno Internazionale di Americanistica, ki ap dewoule soti 6 pou rive 11 me 2025 nan vil Pérouse, jèn chèchè Ayisyen Jean Launy Avril te reprezante Ayiti ak fyète pandan li te prezante yon travay rechèch solid sou yon gwo pèsonalite mizikal ak politik nan listwa peyi a : Manno Charlemagne.

Rechèch la, ki te entegre nan sesyon etnomizikoloji konferans lan, te pote tit « Manno Charlemagne : yon vwa angaje ant mizik ak politik ». Avril te mete aksan sou jan Manno itilize mizik li kòm zouti pou denonse diktati, mizè, move gouvènans, pandan l t ap fè pwomosyon pou diyite pèp ayisyen an. Travay la te chita sou analiz mo chante yo, kontèks politik yo, enpak sosyal ak istwa pèp la atravè mo ak melodi.

Avril te montre kijan Manno Charlemagne vin tounen pa sèlman yon chantè, men yon griot modèn ki chante doulè pèp li a, epi ki itilize lang kreyòl kòm zam pou dekonstwi dominasyon elit fransèfòn lan sou kilti nasyonal la. Li te site plizyè otè tankou Michael Largey, Claude Dauphin ak Jean Casimir pou mete ankadreman teyori sou relasyon ant mizik, memwa kolektif ak rezistans.

Prezans Jean Launy Avril nan konferans entènasyonal sa a montre angajman jenerasyon entèlektyèl ayisyen k ap pote vwa Ayiti pi lwen pase fwontyè, e ki kwè nan kapasite kilti ak mizik pou konstwi diyite ak limyè sou listwa pèp yo. Li mete Ayiti sou kat refleksyon entènasyonal sou mizik, istwa, ak dinamik sosyal nan Amerik la.

Se pa premye fwa Avril ap patisipe nan gwo espas syantifik entènasyonal. Men prezantasyon sa sou Manno Charlemagne lan make yon etap enpòtan, paske li konekte angajman pèsonèl li kòm jounalis ak chèchè ak valè charismatik ak patriyotik ki te toujou anime Manno Charlemagne.

Centre à la Une felisite Jean Launy Avril pou bèl reprezantasyon sa a, e ankouraje tout jèn ayisyen kontinye pote limyè sou eritaj pèp la atravè rechèch, pawòl, mizik ak angajman.

Pou enfòmasyon


Jean Launy Avril se yon jèn rechèchè ayisyen ki ap evolye nan plizyè domèn syans imèn ak sosyal. Li gen yon fòmasyon solid nan syans jiridik, syans politik ak antwopoloji, epi li espesyalize nan dwa moun ak kesyon demokrasi. Travay li yo mete aksan sou rapò ant memwa, jistis sosyal ak mobilizasyon politik nan kontèks karayibeyen ak mondyal.

Li kontinye rechèch li aktyèlman sou listwa entènasyonal, jeopolitik ak konfli, kote li ap analize relasyon ant listwa, diplomasi ak dinamik entènasyonal kontanporen. Rechèch li mete aksan sou wòl diplomasi nan zòn kriz yo, eritaj kolonyal yo, ak efè politik sou idantite nasyonal.

Jean Launy Avril deja prezante plizyè kominikasyon syantifik nan kolòk entènasyonal, atelye akademik ak espas refleksyon entelektyèl, an Ayiti, Amerik Latin, Lafrans, Itali elatriye. Angajman li kòm jounalis, redaktè e editoryalis Centre à la Une, militan, ak pote-pawòl kiltirèl fè li youn nan vwa montan ki defann valè diyite ak refleksyon entelektyèl ayisyen nan diasporas ak nan peyi a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841

Laisser un commentaire