NAN KOMIN LASKAWOBAS, FAS AK MONTE GALOPANT ENSEKIRITE A, PWOSTITISYON TOUNEN YON MWAYEN POU JÈN FI REPONN AK BEZWEN LAMANJAY YO
Nan tout sosyete ki gen tout kouch sosyal k ap evolye Pwostitisyon pa yon senp fenomèn o aza. Sepandan, fas ak kantite moun ki deplase k ap kouri pou bandi moman sa yo, patikilyèman nan Mibalè ak Sodo aprè atak Gang kowalisyon kriminèl Viv Ansanm yo, nan sware 31 Mas pou louvri 1 Avril pase a, lakòz anpil paran, timoun oblije vin refijye yo nan kèk lòt komin pwòch, se ka pou komin Laskawobas ak Beladè ki resevwa yon pakèt moun nan divès sant Akèy.
Ansanm moun sa yo ki deplase yo, k ap moute yon kalvè pa konn ak ki sen pou yo adrese yo, kote grangou, swaf dlo ap touye yo ak nan enkapasite pou reponn ak kèk bezwen de baz yo, oblije pran lari pou pratike swa mandisite ki se yon pratik ki repete lakay jèn gason ki deplase yo, pou ti medam yo menm, chak aprè midi, yo oblije pran lari a kanpe devan biznis, devan baz ki gen jèn gason jis pou yo jwenn yon moun pou adrese nan lide pou yo negosye nenpòt fòm antant, swa pou ba yo lajan manje oswa tou pou yo fè echanj sèvis jis pou reponn ak manje jounen an.
Nan yon travay ankèt Jounal CENTRE à la UNE te fè akoz obsèvasyon fenomèn sila k ap devlope nan komin Laskawobas jounen Jedi 15 Me 2025 lan. Jounalis la te kesyone 2 demwazèl sou sitiyasyon sila a.
- Pou premye demwazèl la ki deja gen yon ti bebe, deklare: “Mwen oblije fè l paske, tèt mwen sou kont mwen, pitit la ankò fòk mwen ba l manje, kote mwen menm, m ka pase jounen an san manje men ti pitit la pa kapab li men m. Malgre m konnen li ka pote yon demen pi mal men m oblije fè l pou lavi pitit mwen an”.
- Pou dezyèm nan, ki pa t vle deklare twòp bagay sou lavi li, reponn: “ Lè w pa gen moun k ap ede w se ou k pou degaje w siviv”.
N ap raple, fenomèn pwostitisyon an pa yon fenomèn nouvo, men pito gen yon kategori moun pou sa menm ki te konn syeje yo swa nan kèk Otèl espesyalize pou sa, oswa nan kafe, diskotèk kote yo defini yo kòm pwofesyonèl ou travayèz de sèks. Paralèlman fenomèn sila a, pran yon evolisyon eksponansyèl, touswit aprè 12 Janvye 2010 fas ak anpil moun ki te twouve yo nan yon ansanm sitiyasyon difisil akoz konsekans tranbleman tè a.
Sepandan femonèn sa pral sibi yon asansyon sosyal, sòti nan lane 2012, pou rive 2019 kote anpil jèn Atis angaje te tante dekri sitiyasyon an sou rit rabòday, atis popilè tankou : Tony Mix sou Tit, FÈ WANA MACHE, ki t ap dekri sitiyasyon malouk jèn fi k ap kouche pou plat manje ak lòt bezwen primè akoz prekarite a. Answit atis J- Vens atravè menm rit rabòday ta pral sonnen yon lòt fwa sonèt alam sosyete a konsènan fenomèn degradan sa, sou mizik “Ti mamoun” men malerezman Leta pa t janm abòde pwoblèm nan menm atravè yon politik piblik.
E konsa rabòday vin yon rit ki pran fenomèn sila kòm sijè predileksyon l san sousye de enpak sa ka gen sou sosyete a.
Entèdepandans tradwi anchènman ki gen anndan sosyete a konsènan ; sektè yo, bezwen yo ak pwoblèm yo. E se atravè obsèvasyon ki mennen travay ankèt sa. Jounal CENTRE à la UNE rive kote moun yo, pou abòde epi konprann rezon evolisyon grandisant yon fenomèn konsa nan komin Laskawobas, ki se yon echantiyon de konsekans ensekirite jeneralize a, atravè peyi a, epi atire atansyon sosyete a sou yon ansanm danje, k ap anjandre lòt fenomèn notamman ; ensekirite sanitè, yon sitiyasyon demografik enkontwolab, si Leta pa pran responsabilite l.
Washington FLORVIL, Centre à la Une.