Depi aprè 13 mezi strik gouvènman Luis Abinader a pran pou kouri dèyè Ayisyen nan repiblik domiken, ajan imigransyon domiken yo adopte yon konpòtman inimen pou konbat Ayisyen, pa tout mwayen posib e sesi ni dèyè ak ni devan kamera, tankou se te yon bagay ki nòmal. Anfèt, ni trete, ni lwa, ni dwa entènasyonal ni dwa moun/dwa entènasyonal imanitè ki reji ak karakterize dwa imigran ak resòtisan pa enkyete yo ankò paske yo gen otorizasyon gouvènman yo.

Èske nou ka konsidere atitid sa yo kòm rasis plis ke yo tabli yo dirèkteman kont Ayisyen. Depi plizyè deseni, sosyete Repiblik Dominikèn lan ap mennen yon politik ki parèt òganize kont Ayisyen, kit yo fèt Ayiti, kit yo fèt sou tè dominiken. Pratik sa a, ki melanje rasis ak antinasyanism, depase senp prejije sosyal; li se yon sistèm estriktire ki antre nan tout nivo leta a—nan lwa, nan politik, nan edikasyon, ak nan diskou ofisyèl.

Yon Rasis Ligitime pa Lwa

Nan lane 2013, Tribinal Konstitisyonèl dominiken an mete yon gwo mak sou dosye rasis nan peyi a, lè li retire nasyonalite dominiken an nan men plizyè dizèn milye moun ki te fèt sou tè dominiken, paske paran yo te Ayisyen. Sa vle di, timoun ki fèt nan peyi a, ki pale lang lan, ki pa konn okenn lòt kote kòm lakay, vin etranje sou tè kote yo te fèt. Se pa ti zak diskriminasyon sa a ye; se yon estrateji ki legalize eliminasyon idantite yon gwoup moun baze sou orijin ras yo.

Antinasyonalis Dominiken: Yon lojik inimen ak enjistifyab

Rasis lan pa vini poukont li. Li makonnen ak yon fòm antinasyonalis ki pa sispann chèche anpeche Ayiti avanse oswa kenbe li nan pozisyon feblès. Repiblik Dominikèn fè tout efò pou dekonekte tèt li de tout sa ki ayisyen, tankou si Ayiti se yon viris sosyal. Yo mete baryè, yo fòse ekspilsyon, yo itilize medyòm entènasyonal pou atake dwa Ayiti genyen pou l egziste kòm yon nasyon. Se pa sèlman pa rayisman; se yon plan pou mete dominasyon sou vwazen an pa estrateji rasis.

Kilti, Imaj, ak Izolasyon Entansyonèl

Nan sistèm edikatif la, anpil Dominiken grandi ak lide ke Ayisyen yo se “pèp ki sòt, ki sal, ki pote maladi.” Sa a se pa reyalite, se mit ki sèvi kòm zouti ideyolojik pou jere fè nwa istwa kolonyal la. Leta dominiken raman rekonèt kontribisyon moun nwa, e menm mwens Ayisyen, nan fondasyon peyi yo. Koulè po vin tounen yon kalifikasyon nasyonalite. Se sa ki rele “colorism”—plis ou klè, plis ou gen aksè; plis ou nwa, plis wap pèdi dwa w.

Paralèlman Repiblik Dominikèn ap ogmante represyon sou divès fòm, notaman sou move tretman yap bay Ayisyen nan fason vizib atravè divès videyo ki rive viral sou twal la, ak veleyite pou konstwi yon miray kont Ayiti, epi mete sou pye patwouy espesyal kont Ayisyen. Tout sa fèt sou pretèks “sekirite nasyonal.” Men ki sa egzakteman Ayiti reprezante kòm menas pou yon ekonomi ki, malgre inegalite li yo, toujou pi estab? Se pa pwoblèm sekirite non; se refi aksepte prezans Ayiti menm.

Konklizyon : Batay pou dwa moun pa favè

Pandan nou denonse politik sa yo, li enpòtan pou raple ke se pa tout Dominiken ki rasis, e gen anpil ki kanpe kont enjistis sa yo. Men, sistèm nan li menm se yon sistèm ki kore diskriminasyon ak estrateji kolon yo. Se pou sa, aktè nasyoanl ak entènasyonal, òganizasyon dwa moun, ak moun konsekan nan tout rès Amerik la dwe mete presyon sou gouvènman dominiken an pou li chanje politik li yo. Ayisyen siyen konvansyon ki tabli respè dwa moun, Ayiti batay pou respè dwa moun. Dwa moun se pa favè, se jistis.