Ayiti nan dat 18 me 2025

Lèt pou Mesye Fritz Alphonse Jean,
Prezidan KPT a

Objè: demand sekirite

Mesye Prezidan an,

Afè sekirite nan peyi Dayiti tonbe nan yon twou byen fon nan dènye jou sa yo. Depi KPT a pran pouvwa a se plis tèritwa ki pèdi nan peyi a, tankou: Solino, nazon, Dèlma 30, Kenskòf, sodo, Mibalè, lachapèl ak lòt ki sou gwo tansyon.
Mesye Prezidan an, okenn moun paka doute sou kalifikasyon w sou plan akademik. M raple m anpil bèl lide ak pwojè w te genyen nan kad akò Montana a. Sa te bay gwo lespwa lè nou te wè non w nan lis konseye prezidansyèl tranzisyon an. Tout moun konnen ou fè gwo Etid. Ki sa k pase menm? Diplòm vin san okenn valè nan peyi a.

Pèp la ap tann yon adrès ak nasyon an pou w o mwens ou fè nou yon ave. Ou poko janm di pèp la ou pa kapab fè sa w te vin fè a. Premye misyon KPT a se te re mete sekirite nan tout peyi a, ou pa demisyone ni ou pa di kisa ki bloke w, okontrè ou pwomèt pèp la sekirite. Men nan reyalite a tout moun konstate pa gen anyen serye vre ki fèt. Moun pa sispann kouri kite kay yo nan tout kwen nan depatman Lwès, sant ak Latibonit. Malgre sa yo nou pa sispann pran desizyon ki pa an favè pèp la o kontrè bagay ou t ap kritike nan tan pase yo se yo ou fè jodi a nan yon dimansyon eksponansyèl.

Nou ta byen renmen fete drapo nou jodi a menm jan avèk ou men elas nou pèdi tèritwa nou, nou nan mawon malgre nou inosan.

Ban m poze w kèk ti kesyon ak tout respè mwen gen pou ou ekselans:

  • M ta renmen konnen eske sa rive ou konn souri pandan w sou pouvwa a? Èske w konn al nan fèt? Si wi a ki kouraj?
  • Kòman w viv menm Mesye Prezidan an, lè w ap gade sitiyasyon Moun ki nan abri yo, moun ki kouri kite tout vi yo te konstwi nan peyi a pou al pase mizè nan imilyasyon nan yon lòt zòn?
  • Èske w di tèt ou se pa ou ki responsab? Si wi, kiyès ki responsab?
  • Èske w pa gen zantray mizèrikòd?
    Antanke papa, kòman w santi w lè w ap gade yon timoun 6 lane ki nan yon abri kap sibi zak vyolans seksyèl jiskaske li rann dènye souf li? Yon lòt y ap lage nan dife ak sa k ap mouri grangou? Ak anpil lòt ka ki pa medyatize.
  • Èske w santi w fyè pou w di: Mwen se Prezidan moun sa yo? Kisa w fè pou w anpeche lòt ka konsa pwodwi?
  • Kòman w ye menm lè w ap konstate lapolis ap kouri pou bandi, bandi ap taye banda tout kote, fè fèt, di sa yo vle? Lè lapolis ap mande mwayen pou yo goumen ak gang yo paka jwenn? Kiyès ki la pou garanti bon mach PNH la?
  • Èske w santi w prezidan lè konsa? Èske se pou sa w t ap goumen pou w te vin prezidan peyi a? Ki lòt bilan KPT a ka fè bay pèp la apre gagote lajan ki nan kès leta a? Kisa nou itil pèp la menm?
  • kilè moun Mibalè ak sodo ap ka tounen lakay yo? Jodi a fè plis ke 45 jou depi moun sa yo lage de bra balan. Lapolis pa janm fè okenn operasyon pou deloje nèg ak Zam ki kontwole zòn sa yo.

Si lavi pa enpòtan pou ou, mwen pa menm bezwen mande w kont pou edikasyon, pou tout timoun ki kouri kite lekòl yo, m konnen sa pap entèrese w. Men m ap mande w pou panse sou li tou paske si w pa gentan jije pou krim trayizon ak konplo kont nasyon an avan w mouri, listwa pap rate w e se ap yon wont pou rès fanmi w.

  • Pèmèt mw mande w kisa ti pèp sa a genyen avèk KPT a?
  • Kisa nou fè menm nap peye?
  • Èske se vre se misyon blan an nou vin fè san nou pa pran chaj ak bezwen pèp sa a pou anyen?

Gen anpil kesyon pou m ta poze w toujou Mesye Prezidan an, sèlman map mande kilè Ayiti ap gen chans pou se yon patriyòt ki dirije l?

Pou m fini Mesye Prezidan an map di w li poko twò ta pou w sove po w. Nou pa mande w plis ke sekirite, nou jis vle tounen lakay nou pou n al viv pezib jan sa te ye avan an.
Mwen swete w li lèt sa epi reponn li nan aksyon w va gen pou w poze yo. Mwen salye w konpatriyòt!

Junel LOUIS JEUNE, edikatè

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841