Pwofesè Soukar montre, avèk metòd, drapo Ayisyen an pa t kreye ni Akayè, ni 18 me 1803

Nan yon emisyon ki disponib atravè lyen YouTube li, pwofesè, istoryen, ekriven Michel Soukar deklare daprè tout done ki disponib sou dat 18 me 1803 a ki konsidere kòm peryòd kreyasyon drapo Ayisyen an, drapo a pa t kreye Akayè, ni li pa t kreye 18 me 1803.

Drapo a te deja kreye depi mwa fevriye 1803 nan Ti Rivyè Latibonit, lòske Dessalines te rache koulè blan an puiske drapo fransè a se te ble, wouj ak blan. Dessalines te kite koulè ble ak wouj la, li ekri ladan li « Libète ou lanmò ». Yon fason pou montre blan fransè yo pa gen okenn relasyon ant yo menm kòm reprezantan metwopòl esklav yo, epi pou bay lame endijèn nan yon idantite, Soukar di.

Men kijan pwofesè Soukar chita tèz li a:

Dessalines te vle voye zam ak minisyon pou Géfrard ki t ap batay nan depatman Sid, men fòk se nan Lwès atravè (Gran Gwav ak Ti Gwav) pou materyèl sa yo te pase. Te gen l’Amour Dérance ki pa t danse kole ak Dessalines, alòske se li menm ki te gen kontwòl zòn sa yo.

Finalman, pou fasilite yon solisyon aprè demand Dessalines ak Pétion bò kote Dérance pou jwenn pasaj la san difikilte, Dérance aksepte voye alye e bra dwat li Cangé pou ale chita pale ak Dessalines ak tout Pétion, nan sousi pou pèmèt yo pran desizyon pou lèse materyèl yo rive nan Sid peyi a.

Istoryen an fè konnen rankont sa a ant jeneral yo te fèt egzakteman nan dat 18 me 1803 nan Akayè ki konsidere, jiska jodi an me 2025, kòm peryòd drapo Ayisyen an te pran nesans.

Michel kontinye pou di nan rankont politik sa a ant 2 gwoup yo, pa t genyen okenn moman youn nan pati yo te mansyone osnon soulve kesyon drapo a nan kad deba yo.

Aprè rankont lan, plizyè bato fransè kwaze ak bato Cangé yo pandan y ap kite Akayè pou rantre Lewogàn. Yon ofisye Fransè ki rele Bot arete yon maren ki te akonpaye twoup Cangé a ki rele Jean Pierre. Kesyone l sou ki kote l soti, kisa li sot fè, Jean Pierre esplike fransè yo plan Dessalines ak Pétion genyen pou atake fransè yo, san li pa janm mansyone anyen li lye ak kreyasyon yon drapo. Pi lwen, nan yon rapò li fè, ofisye fransè a mansyone sou bato Cangé a li arete a, li te jwenn yon drapo Nwa ak Wouj ki make « Vivre libre ou mourir. »

Pwofesè Soukar di nan dat 19 me 1803, Dessalines te ekri Geffrard pou di li Cangé aksepte pou bay pasaj pou èd yo rive jwenn li, ki donk li pa bezwen enkyete li ankò. Li pa t janm di Geffrard anyen ki lye ak kreyasyon drapo, poutan se yon sijè Dessalines ta dwe touche pou tout enpòtans li t ap genyen.

Parapò ak tout ide kontradiktwa sa yo ki gen sou kreyasyon drapo Ayisyen an, èske li pa nesesè pou leta Ayisyen ta mennen yon ankèt apwofondi, ki dwe vize jwenn verite osnon foste ki ta kache dèyè kreyasyon drapo Ayisyen an ki bay peyi a yon idantite ?

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841