Asosiyasyon Nasyonal Nòmalyen Endepandan Ayiti yo (ANNIH) kondane, nan yon nòt ofisyèl nan dat 18 me 2025 lan, agresyon pwofesè Williamson St-Fleur sibi nan « Cathédrale Notre-Dame » Kap-Ayisyen an pandan selebrasyon 222è anivèsè Drapo a. ANNIH pwofite pou denonse sèn chokan sila avèk fòs pandan yo egzije jistis.
Asosiyasyon Nasyonal Nòmalyen Endepandan Ayiti yo denonse zak malonèt sa ajan Polis touristik la fè lè li krabinen pwofesè Williamson St-Fleur nan Katedral Kap-Ayisyen an, pandan fèt Drapo ak Inivèsitè a dimanch 18 me 2025 lan. Nan nòt sila, ANNIH di li revòlte : << N ap kondane avèk pi gran fèmte zak vyolans ki fèt kont pwofesè Williamson St-Fleur, ki rive nan demen Jounen Nasyonal Anseyan yo. >>
Òganizasyon an denonse << mepri, menas revokasyon, atak avèk pawòl epi represyon polisyè >> ki sible anseyan ki nan grèv yo depi janvye 2025. << Sèn sa yo te konn fèt nan tan lontan yo pa alamòd jodi a >>, daprè sa Asosiyasyon an fè konnen, ki pale de << yon tristès pratik divalyeris yo >> epi << banalizasyon metye anseyan ak edikasyon, ki se dènye ranpa nou. >>
Asosiyasyon Nasyonal Nòmalyen Endepandan Ayiti yo egzije << tout limyè fèt sou agresyon inakseptab sa >>, pou yo rapousuiv koupab yo epi << pou kolèg yo ki viktim nan egzèsis dwa sitwayen ak pwofesyonèl li yo jwenn reparasyon. >> ANNIH reyafime angajman l bò kote anseyan yo nan batay yo pou diyite.
N ap fè siyale, aprè kèk polisye fin souflete epi maltrete anseyan Williamson St-Fleur, sendika anseyan yo senpatize avèk viktim nan pandan yo leve vwa yo pou egzije jistis pou Williamson St-Fleur. Sendika yo fè konnen yo ap mobilize yon ekip avoka pou pousuiv ajan Politour la. Nan entèval sa, plizyè sektè nan lavi nasyonal la denonse zak maspinay ki fèt sou anseyan Williamson St-Fleur pandan yo mande pou Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT*CPT) an rache manyòk li bay tè a.
Dezòmè, otè prezime a ki se yon ajan inite Polis Touristik nan vizè anseyan yo ki anonse konstitisyon yon kolektif avoka pou pousuit jidisyè yo. Se yon nouvèl ki choke kominote edikativ ayisyèn nan : nan yon konferans nan Petyon-Vil, lendi 19 me 2025 sa, plizyè platfòm sendikal eksprime endiyasyon yo fas avèk agresyon brital pwofesè Williamson St-Fleur sibi nan Kap-Ayisyen.
Ajan Politour la ki sanble bliye misyon l bat yon anseyan ki nan grèv ki te genyen nan men l yon pankat li t ap revandike pi bon kondisyon travay. Nan 18 me 2025 lan, ki se jou fèt Drapo a kote peyi a t ap selebre 222è anivèsè bikolò ayisyen an, te make pa « Te Deum » ki selebre nan Katedral Kap-Ayisyen an epi pa yon imaj vyolans ki difisil pou bliye ki se yon imaj kote yon ajan POLITOUR maspinen yon anseyan ki se Williamson St-Fleur.
Jacky M. Fontaine
Centre à la UNE