Sityasyon sanitè a sou fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominikèn, ki soti Wanamèt rive Ansapit, kontinye ap vin pi grav nan yon kontèks kote gen enstabilite enstitisyonèl, deplasman popilasyon sou fwontyè a, epi aksè ak swen sante a pa egal. Otorite ayisyèn yo ansanm ak sektè sivik la ap eseye fè fas ak kriz la, men yo toujou ap lite fas ak yon sistèm sante ki pa estriktire. Anpil komin sou fwontyè a tounen zòn kote epidemi ka pete fasil.
Dyagnostik aktyèl la : yon fwontyè ki vilnerab
Daprè yon rapò MSPP ak Òganizasyon Panamerikèn Lasante (OPS) mete deyò nan mwa Avril 2025 :
- 80% sant sante piblik ki sou fwontyè a ap fonksyone ak kapasite limite.
- Komin tankou Belladè, Ouanamint, Fonvèrèt ak Anse-à-Pitres anrejistre ogmantasyon 35% ka maladi dlo pote (kolera, tifoyid).
- Ensekirite alimantè grav kontinye fè timoun soufri malnitrisyon, espesyalman nan zòn tankou Malpas ak Wanamèt.
- Plizyè pwen ofisyèl sou fwontyè a pa gen inite depistaj oubyen siveyans sanitè. Kòdinasyon ki manke ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn fè sitiyasyon an vin pi danjere pou moun ki ap chache travèse oubyen ki rete toupre fwontyè a.
- Done konparatif ant kèk komin sou fwontyè a
- Komin sou fwontyè a To malnitrisyon timoun (2024) Ka kolera (1er trimès 2025) Sant sante ki fonksyone
- Wanamèt (Nòdès) 18% 73 2 sou 5
- Beladè (Sant) 22% 48 1 sou 4
- Fonvèrèt (Lwès) 25% 57 2 sou 3
- Ansapit (Sidès) 16% 41 1 sou 2 Efò otorite yo ak sosyete sivil la
- Soti bò Leta :: MSPP mete sou pye brigad mobil depi fevriye 2025 pou siveye zòn tranzit yo.
- Otorite lokal Beladè ak Wanamèt ap travay ak OIM pou mete pwen triyaj sanitè.
- Malpas lanse yon pwogram vaksinasyon kont difteri pou moun k ap travèse fwontyè a.
- Soti bò sosyete sivil ak ONG yo :
- Òganizasyon tankou Medsen Mondyal, Kwa Wouj Ayiti, ak Sante San Fwontyè mete klinik mobil nan Fonvèrèt, Gantye ak Ouanamint.
- Rezo kominotè pou alèt sanitè mete sou pye pa platfòm « Frontyè Solidaire ».
- Fè kanpay sansibilizasyon sou ijyèn ak prevansyon an kreyòl, franse ak panyòl.
- Defi ki toujou la
- Enfrastrikti sante ki demode : anpil sant pa gen laboratwa, pa gen anbilans.
- Migrasyon san kontwòl : difisil pou fè swivi sou sante popilasyon an.
- Kriz finansman : jis 40% bidjè ijans la te mobilize nan 2024.
- Kòdinasyon ak Repibliik Dominikèn toujou limite, malgre kèk tantativ dyalòg.
- Pèspektiv ak rekòmandasyon
- Kreye fon ijans binasyonal pou jere sante sou fwontyè a.
- Ranfòse siveyans sanitè kominotè atravè rezo lokal yo.
- Fè resansman sante transfontalyè pou planifye entèvansyon yo pi byen.
- Ankouraje devlopman sante dijital ak telemedsin pou zòn izole yo.