Vatikan, 8 me 2025 — LAPRES ZAKA
Yon nouvo chèf legliz Katolik Women an sot chwazi jodi a apre yon konklav ki te rasanble tout kadinal ki gen dwa vote yo. Pami yo te genyen Kadinal ayisyen Chibly Langlois, sèl reprezantan Ayiti nan Kolèj Kadinal Legliz Katolik la. Eleksyon sa fèt nan yon peryòd kote mond lan ap fè fas ak anpil kriz, e Ayiti, li menm, ap viv youn nan pi gwo trajedi sosyo-sekiritè li.
Vatican anonse nouvèl la, aprèmidi jedi 8 me 2025 lan, devan plizyè milye fidèl legliz la ki reyini sou plas St Pierre. Robert F. Prevost ki gen 69 lane. Li se yon kadinal ameriken. Li se premye ameriken ki vin Pap. Li monte sou non Leon XIV.
Nan memwa pèp ayisyen an, vizit Pap Jan Pòl II te fè nan Pòtoprens, an mas 1983, rete gravé. Li te lanse yon mesaj fò: “Fòk sa chanje isit la!” Pawòl sa yo kontinye gen rezonans jodi a, espesyalman nan yon peyi kote lavi chak jou tounen yon lit kont ensekirite, grangou ak dezespwa.

Dapre dènye done Obsèvatwa Ayisyen sou Sekirite ak Gouvènans (OHSG), plis pase 80 % zòn metwopoliten Pòtoprens lan anba kontwòl gang ame. Nan premye trimès 2025 la sèlman, plis pase 1 250 moun kidnape, sa ki make yon ogmantasyon 35 % konpare ak ane pase. Nasyonzini estime plis pase 360 000 moun oblije kite lakay yo poutèt vyolans.
Se nan sitiyasyon difisil sa a Kadinal Chibly Langlois te patisipe nan konklav la. Plizyè fidèl te kenbe espwa, petèt pou premye fwa, Ayiti ta ka wè yon Pap sòti nan pitit tè a. Si sa pa rive, prezans li toujou pote limyè espwa, e fè pèp ayisyen an sonje yo fè pati yon kominote katolik mondyal.
Nouvo Pap la va soti sou balkon bazilik Sen Pè a pou li bay benediksyon li bay mond lan, pandan miltip analiz sou non li, orijin li, e angajman moral li ap kòmanse dewoule.
Pou pèp Ayisyen an, èske legliz la toujou reprezante yon poto mitan moral ak sosyal jan yo konn fè kwè l la ?
Henri Alphonse
Journaliste / Communicateur social