Depi 31 mas 2025, komin Sodo ak Mibalè ap viv yon gwo kriz sekirite kote gwoup ame pran kontròl plizyè katye, sa ki fòse popilasyon an chèche refij nan zòn ki pi an sekirite. Youn nan konsekans ki pi grav se lekòl yo ki fòse fèmen, sa ki deranje edikasyon timoun yo epi mete an danje devlopman sosyal ak ekonomik nan rejyon an. Atik sa a analize konsekans sitiyasyon sa a sou elèv, pwofesè, ak kominote a, epi li bay kèk rekòmandasyon pou rezoud pwoblèm nan.
- Entwodiksyon
Edikasyon se baz devlopman sosyal ak ekonomik. Sepandan, kriz sekirite ki frape Sodo ak Mibalè mete système edikatif la an danje, paske lekòl yo ki fòse fèmen yo. Sitiyasyon sa a afekte elèv yo, anseyan yo, epi menase avni jenerasyon k ap grandi a.
Lekòl pa sèlman yon espas pou aprann. Li se tou yon espas pou sosyalizasyon, devlopman pèsonèl, epi aprantisaj konpetans ki enpòtan pou lavi. Lè lekòl yo ki fòse fèmen yo, elèv yo pa ka kontinye edikasyon yo jan yo te planifye a, sa ki mete yo nan difikilte grav.
- Konsekans Lekòl yo ki Fòse Fèmen
Sou Elèv yo
- Pwogram edikasyon an deranje
- Estrès ak enkyetid akòz ensekirite
- Risk pou abandone lekòl epi pran move chimen
Sou Pwofesè ak Responsab Lekòl yo
- Pwofesè yo ak responsab lekòl yo oblije ajiste ak nouvo reyalite yo pandan lekòl yo ki fòse fèmen yo
- Rekòmanse klas apre yon long poz egzije adaptasyon
- Motivasyon pwofesè yo afekte, men yo kontinye kenbe angajman yo pou edikasyon
Konsekans Sosyal ak Ekonomik
- Diminisyon nivo edikasyon ak konpetans
- Dekadans ekonomik lokal
- Migrasyon fòse ki agrave enstabilite
Konsekans Pedagojik
- Deranjman nan suiv edikasyon an
- Pèt dokiman akademik
- Pwoblèm pou òganize egzamen ofisyèl yo
Difikilte pou Kandida Egzamen Ofisyèl yo
- Mank preparasyon ak absans revizyon
- Pèt konfyans ak tèt yo
- Ogmantasyon echèk nan egzamen yo
- Solisyon ak Rekòmandasyon
Pou diminye konsekans lekòl yo ki fòse fèmen yo, nou dwe:
- Reetabli sekirite pou lekòl yo ka reouvri
- Bay sipò sikolojik ak pedagojik pou elèv ak pwofesè yo
- Devlope altènativ pou ansèyman tankou lekòl a distans
- Mobilize otorite nasyonal ak entènasyonal pou sipò finansye ak lojistik
- Konklizyon
Lekòl yo ki fòse fèmen yo nan Sodo ak Mibalè menase edikasyon ak devlopman sosyal. Se pa sèlman elèv yo ki afekte, men tout sosyete a. San aksyon rapid pou reetabli lòd epi pèmèt reouvèti lekòl yo, konsekans yo ka pi grav.
Edikasyon dwe pwoteje epi mete li nan kè priyorite nasyonal yo. Pou rezoud kriz sa a, li nesesè pou otorite lokal yo, aktè entènasyonal yo, ak kominote a travay ansanm. Fòk gen aksyon imedya pou rebati yon système edikatif solid, ki garanti timoun yo gen aksè sekirize ak pèmanan a fòmasyon ki enpòtan pou avni yo.
Sanon FLEURY ki gen metriz nan edikasyon, ki se planifikatè ak konsiltan nan edikasyon