30 avril 2025, Etazini deklare « Viv Ansanm » kòm yon òganizasyon teworis. Yon fraz, yon so sou yon papye, yon dekrè, epi sa fèt : gwoup ame sa a, yon melanj gang ayisyen ki soti nan yon ti ma Leta , antre nan lis nwa lènmi lòd mondyal la. Se yon jès fò, san dout. Men, nan dezòd vyolans Ayiti a, li sonnen tankou yon rèl nan yon twou vid. Kisa sa ap sèvi si ou entèdi vwayaj moun ki pa janm pran avyon ? Kisa sa itil lè w anpeche yon moun sèvi ak lajan li pa mete labank sou non li ? Yo pa mete chenn nan pye yon fantom.

Paske « Viv Ansanm » pa yon katèl nòmal. Se pa yon biznis kriminèl tankou Loksidan konprann li, ki gen biwo, kont bank, ak «actionnaire» ki kache. Se yon «chimère» ki pran nesans nan yon efondreman : se yon gwoup ki mete fòs yo ansanm, se yon zòn otorite san lejitimite, yon gouvènman ranplasan kote Leta a pa egziste ankò. Lidè Viv ansanm yo pa fè efò pou gen pouvwa—yo ranmase l atè, tankou yon zam ki tonbe.

Nan kontèks sa a, sanksyon an parèt pi piti toujou pase sa li ye vrèman, paske li sipoze yon mond ki òdone. Li panse gwoup sa yo fonksyone tankou yon antite rasyonèl, ki ka ranmase pye yo lè yo anba menas, ki pran swen imaj yo, lajan yo, relasyon entènasyonal yo. Men, se nan enfòmalite, nan fènwa, ak absans lalwa yo pwospere. Pwoblèm nan se pa paske yo reziste kont sanksyon, men se paske yo viv andeyò tout posiblite pou sanksyon. Se sa ki fòs yo : yo pa egziste legalman, kidonk pa genyen pwen fèb legal.

Jès ameriken an se pa yon aksyon, men yon «aveu» : yo pa konnen ki sa pou yo di. Yo eksprime yon règ pou kache enkapasite yo. Yo leve mo « teworis » la anlè tankou yon moun ki balanse yon flanbo nan fènwa, pandan l ap espere limyè a ap fè lougawou yo kouri.

Men, lougawou sila yo gen rasin. Yo soti nan dezespwa, povrete, kòripsyon san pinisyon, retrè Leta a. Yo pa parèt san rezon—yo se rezilta yon istwa, yon abandon, yon konplisite. « Viv Ansanm » se sentom, pa kòz la. Nonmen sentom lan se pa geri maladi a.

Alòs, kisa ki pou fèt ? Se pa kontante nou ak gwo pawòl. Se pa kwè bèl diskou diplomatik kapab bat yon pouvwa ki baze sou zam ak laperèz. Sa nou bezwen, se pa yon reyaksyon moral, men yon rekonstriksyon politik. Yon prezans sou tèren, pa nan nyaj. Yon Leta ki egziste vrèman, pa yon Leta fantom. Yon jistis ki jije, pa yon jistis ki ap fè kominike.

Latèrè, jan yo konn di, se lè pèsonn pa responsab zak li fè. Retabli lòd, se pa pini a distans, se nan fè chak moun peye pou sa li fè. Nonmen mal la pa ase. Fòk nou dezame l—epi se pa sanksyon fiktif sa mande, men kouraj politik.

Mibalè, 2 Me 2025

Bladimy Bathalier, Nòmalyen Siperyè

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841