Plis pase yon ane depi Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) enstale, daprè manda li, mete fen nan dezòd, redrese sekirite, louvri wout eleksyon, epi rebay pèp la espwa. Soti nan Edgar Leblanc, pase pa Leslie Voltaire, e jodi a anba Fritz Alphonse Jean, peyi a pa fè okenn pa ni pi devan, ni sou kote. Li chita tennfas sou bit soufrans li.

Tout sa konsèy la fè, se ekri deklarasyon ki pa pote okenn chanjman reyèl. Yo ekri kòm si yo pa gen pouvwa, tankou obsèvatè ki ap suiv kriz la sou televizyon. Yo pale, yo analize, yo mete “konsta sou konsta”, men okenn mezi solid, okenn aksyon konkrè pa parèt pou adrese sitiyasyon grav peyi a ap travèse.

Se pa pa erè ke yo te mete KPT an plas. Yo te fè l kòm repons “tranzitwa” pou rezoud kriz Ayiti a. Misyon yo te klè : redwi vyolans gang, mete baz pou eleksyon lib ak onèt, retabli lòd ak estabilite, ranje relasyon ak enstitisyon nasyonal ak entènasyonal. Men jounen jodi a, yo tounen pi gwo senbòl inefikasite, endezisyon, ak gaspiyay resous.

Nou pa wè okenn plan nasyonal sekirite. Pa gen kalandriye elektoral. Pa gen estrateji pèmanan kont gang yo. E pi grav toujou, pa gen vizyon kolektif sou ki sa KPT ap fè egzakteman nan non pèp la.

Si gen yon bagay ki mache san bri nan Konsèy sa a, se dépans. Yo toujou jwenn fason pou debloke fon, mete frè kat, alokasyon “entèlijans”, vwayaj, ak lajan pase pa la sou dosye ki pa gen okenn enpak sou lavi popilasyon an.Lajan ki pa disponib pou lekòl, lopital, polis, swen sante, se menm lajan sa yo nou tande ap pase pou “operasyon opak”, san okenn transparans. Pèp la grangou, men KPT a plen frijidè li.

Se pa nan retorik ak fraz long Konsèy la te vin tabli. Yo te antre pou aji. Yo te vin reponn a yon kriz istorik. Men jodi a, yo repwodui menm zak ak sa yo te di y ap vin korije. Yo konnen kiyès ki te bay zam, kiyès ki mete peyi a ajenou. Yo di yo konnen – men yo fèmen je.
Pèp la pa ka manje analiz. Li pa ka dòmi sou pwomès. Li pa ka viv sou konferans de près.

Konsèy Prezidansyèl la tounen senbòl pi gwo echèk tranzisyon politik ann Ayiti depi dènye deseni yo. Olye yo jwe wòl aktè, yo vin tounen telespektatè politik. Menm jan ak tout lòt pouvwa ki pa janm gen konsekans, yo kontinye boule tan ak resous pandan pèp la ap pèdi espwa chak jou.

Si KPT pa ka delivre sou misyon li yo, li pa jis yon defayans, se trayizon. Trayizon pa sèlman kont pèp la, men kont memwa tout sa ki batay pou lavi miyò, pou yon Ayiti ki pi jis, ki pi diy.

Jean Launy AVRIL
Editoryalis – Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar