Jou pase a, yon komisyon ofisyèl prezante yon nouvo pwojè Konstitisyon bay Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) ak Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé. Yon demach ki sipoze « akouche fondasyon nouvo Ayiti », ki ta dwe mete lòd, chita vizyon ak defini règleman jwèt nasyonal la. Men nou mande: Ak ki lejitimite, ak ki kredibilite, mesye sa yo ap angaje pèp ayisyen nan yon chantiye ki mande diyite, konsyans, eklèsisman moral? Paske jiskaprezan, tout sa KPT ak gouvènman an mete sou pye se pa refòm, se gagòt, se gaspiyaj, se gran bri sou vid.

Ekri yon nouvo Konstitisyon se youn nan pwojè ki pi lou,, pi fondamantal pou lavi yon nasyon.Se pa ni yon manèv politik, ni yon dekorasyon administratif. Li mande vizyon, li mande kredibilite, li mande konsansis, li mande angajman ak pèp la. Men, KPT ak Premye Minis lan, yo pa menm ka mete lòd nan Pòtoprens, yo pa ka ouvè lekòl, yo pa ka mete sekirite, men y ap vini ak « pwojè re-fondasyon » konstitisyonèl?

Soti nan Edgard Leblanc, pase pa Leslie Voltaire, rive jiskounye a, Konsèy sa a se sinòn inefikasite. Pa gen plan sekirite. Pa gen kalandriye eleksyon. Pa gen estrateji nasyonal sou okenn kesyon estriktirèl.Men pou boule lajan leta, mete frè pou kat, frijidè, vwayaj, kat entèlijans, mesye yo toujou efikas. Epi se menm ekip sa a ki vle trase nouvo Konstitisyon peyi a? Se tankou mete vòlè kabrit pou redije kòd riral. Se tankou mete neg ki gaspiyè pou redije lalwa sou devlòpman.

Wi, Konstitisyon an 1987 la gen feblès li. Men li se rezilta yon efò kolektif, apre diktati, ak vwa pèp la.Li pa soti nan biwo fèmen, li pa ekri sou presyon. Se te yon refleksyon sou listwa, sou libète, sou respè dwa moun. E si nou vle mete yon nouvo dokiman sou pye, se pa ak mesye ki pa janm rann kont sou aksyon yo pou pèp la. Se pa ak gouvènman ki pa ka mennen okenn chanjman reyèl.

Nouvo Konstitisyon se pa pawòl. Se pa imaj. Se pa senbòl. Li se angajman fondamantal. Li pa dwe fèt ak moun ki pa janm reponn de anyen, men ki toujou ap fè bri ak anbilans moral. Si KPT ak Premye Minis lan pa ka regle sa ki ijan yo pa ka mete men sou sa ki sakre. Si yo pa ka administre, yo pa ka trase chimen moral nasyon an.

Lwa yo pa oblije nan avantaj moun ki fè yo a , men li sipoze pwojte yon vizyon lavni. Nou pa kont yon nouvo Konstitisyon.
Nou kont men ki pa pwòp k ap manyen l.

Jean Launy AVRIL
Editoryalis – Centre à la Une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841