Sendika Nasyonal Polisye Ayisyen yo (SYNAPOHA) nan yon nòt espesyal, jedi 22 me 2025 lan, di li regrèt ensidan sa a ki pase ant polisye yo ak pwofesè a, nan dat ki te 18 me 2025 lan, pandan li pwofite mande polisye yo pou pi pwofesyonèl nan kad travay yo.

<< Sendika ap mande ak kolèg polisye nou yo, pou yo pi pwofesyonèl nan kad travay yo epi pou yo evite pran nan pwovokasyon sou kèlke swa fòm nan >>, se sa nou li nan nòt SYNAPOHA, ki rekonèt se yon eskandal ant kèk polisye ki frape yon pwofesè ki t ap revandike dwa l.

Pi lwen, Sendika Nasyonal Polisye Ayisyen yo fè konnen enspeksyon jeneral sezi de dosye sa pou ankèt louvri nan objektif pou fikse responsablite yo ak sila yo ki melanje nan eskandal sa (videyo) ki viral sou rezo sosyal yo.

SYNAPOHA raple popilasyon an pou li di l : << se enspeksyon jeneral ki se la polis dè polis e li sezi de dosye a, e yo dwe kite enspeksyon jeneral fè travay li jiskaske ankèt la abouti >>.

N ap raple, kèk ajan Polis Nasyonal Ayiti te wonfle piblikman yon pwofesè, nan okazyon selebrasyon fèt Drapo a, nan Katedral « Notre-Dame » Kap-Ayisyen.

Jacky M. Fontaine
Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841