Remiz dokiman sila a te fèt nan prezans Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, minis Enteryè ak Kolektivite teritoryal la, Paul Antoine Bien-Aimé, minis Ekonomi ak Finans lan, Alfred Métellus, minis delege bò kote Premye minis lan, ki reskonsab kesyon elektoral ak konstitisyonèl la, Joseph André Gracien Jean, manm Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) yo ak reprezantan PNUD nan peyi a.
Nan diskou li fè pou sikonstans lan, Prezidan KPT a, Ekselans Fritz Alphonse Jean, salye epi remèsye travay Komite pilotaj ak Konferans nasyonal la pou gwo travay li fè pou remèt avan pwojè Konstitisyon an. Li felisite espesyalman pwopozisyon ki fèt pou enplike pi plis toujou Ayisyen ki lòtbò dlo yo nan lavi politik peyi a ak pou plis fanm reprezante nan leta a. Li renouvle konfyans li genyen nan Komite a pou kontinye travay epi pèmèt KEP a vanse sou chimen referandòm lan.
Bò kote pa li, Konseye-Prezidan Frinel Joseph, salye gwo etap sila a Komite pilotaj ak Konferans nasyonal la pran nan kad refòm k ap fèt pou ranfòse demokrasi a epi refè Leta a. Pou li, avan pwojè sila a reflete volonte nasyonal ki genyen pou fè peyi a vanse nan linite.
Prezidan Komite pilotaj ak Konferans nasyonal la, ansyen Premye minis Enex Jean-Charles, te pran lapawòl pou prezante kèk gran pwen avan pwojè a. Se yon dokiman ki ekri nan lang kreyòl ak fransè. Manm komite yo pwopoze pou diminye laj pou okipe gwo fonksyon nan Leta a, pou gen mwens minis, senatè ak depite, pou plis fanm patisipe nan politik, pou entegre Ayisyen ki aletranje yo nan vi politik peyi a ak anpil lòt pwen enpòtan ankò.
Nouvèl konstitisyon, kèk pwopozisyon komite pilotaj :
Pap genyen katèl majistra ankò, se pral yon sèl majistra.
Kantite Senatè, Depite ak Minis yo pral redwi.
Prezidan pap minè ankò, li pap bezwen jwenn benediksyon palman pou monte gouvènman.
ULCC pral yon enstitisyon endepandant, otonòm.
Dyaspora gen yon plas enpòtan nan grand liy pwopozisyon nouvèl konstitisyon an.
Remiz avan pwojè sila a pral revize epi amelyore pou kapab vanse pi byen sou wout referandòm lan. Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an renouvle angajman l pou bay peyi a yon Konstitisyon ki ap ranfòse demokrasi a pi plis toujou.