Li te vè 6è nan aswè kote Komisè Divizyonè Mackenzie Jacques enstale madi 20 me 2025 la kòm Direktè Depatmantal PHN la nan Sant. Li ranplase nan pòs sa a Delin Boyer. N

Nan yon nòt konjwen pibliye nan aswè Madi, 20 me, 2025, biwo ansyen depite Abel Descolines nan Mibalè ak kowòdinasyon mouvman vizyonè plato santral di yo pran nòt de nominasyon ak enstalasyon nouvo direktè lapolis la nan plato santral.

Antite politik sa yo vle nouvo kòmandan lapolis nan plato santral la pral pote ekspètiz li yo ak tout detèminasyon li pou bay repons ak pwoblèm ensekirite ki ap ravaje vil Mibalè nan dènye tan sa yo.

Pilwen biwo ansyen depite Abel Descolines ak mouvman vizyonè plato santral egzòte nouvo DDC a pou evite tout entèferans politik nan egzèsis fonksyon li ak misyon li. De (2) antite sa yo fè konnen, moun depatman sant ap tann yon grenn bagay ki se rezilta konkrè. Moun ki deplase nan komin Sodo ak Mibalè konte sou direktè depatman an ki se Mackenzie Jacques pou ede yo debarase de gang ame yo.

Nan nòt konjwent sila, de (2) antite sosyo-politik yo mande pou pouvwa santral ak direktè jeneral polis la Rameau Normil bay mwayen nesesè pou pèmèt lapolis mennen gwo operasyon efikas kont gang teworis yo nan Mibalè. Yo di tou nan nòt sila li esansyèl pou chanje sèten otorite ki pa te kapab anpeche envazyon gang yo nan Mibalè ak Sodo.

Anplis, 2 estrikti yo konsidere nòt sila kòm yon avètisman pou pouvwa an plas, ki pa dwe wè pou sèlman chanje yon direktè polis epi tout bagay fini. Kowòdinasyon an ak biwo ansyen depite Abel Decollines pwofite mande otorite yo ki nan pi wo nivo a bay benefis ijans ak operasyon lapolis Mibalè pou fasilite aktivite yo reprann Mibalè ak nan Sodo. Yo di pa gen anyen ki ta dwe neglije mwayen lojistik yo ki dwe pèmèt demantèlman gang yo.

Nan konklizyon yo vizyonè plato a ak biwo ansyen depite Mibalè a di yo pa ka tann nouvo DDC a kòmanse travay.

N ap note, Komisè Mackenzie te patisipe nan fòme kò UTAG la, epi li te travay Petyonvil.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841