Action des Unités Motivés pour une Haïti de Droit (AUMOHD) , ki regroupe yon ansanm avoka tankou: Schmide Nanive ALCINDOR, Brunel FILS-AIMÉ, Jhonson MERVIL nan yon nòt yo rann piblik semèn sa’a, anonse yo pral pote plent kont Leta Ayisyen ki livre Mibalè ak Sodo bay gang. Avoka yo di y ap egzije sekirite.
« Nan non la lwa ak tout konvansyon entènasyonal yo ki proteje nou, nou pral pote plent pou krim de mas, konplisite ak koripsyon Leta a. » Se sa avoka yo di nan nòt la.
Pilwen avoka yo fè konnen y ap pote plent lan pou egzije Leta a bay popilasyon an sekirite jan lalwa mande sa.
Avoka yo fini pou envite tout viktim atak gang Mibalè ak Sodo yo rantre an kontak ak 3718 9118 oubyen schmidenanive@gmail.com