Klèb kolaboratè direksyon depatmantal Edikasyon Sant selebre 100 premye jou direktè depatmantal Edikasyon an, Mèt Wilson ANTONIO vandredi 6 Jen 2025 lan nan biwo direksyon an nan vil Ench. Klèb la te tou pwofite prezante bilan 100 jou direktè a nan tèt enstitisyon an.
Selon premye rapò yo, nan yon ti kout tan ,gen plizyè aktivite ki montre yon van chanjman ki soufle nan sektè Edikasyon an nan depatman sant swa nan gouvenans edikatif,swa nan oganizasyon enstitisyonèl,swa nan pwomosyon pou sèvis piblik. Seri aksyon sa yo antre yon dinamik repibliken ki fonde sou :Konsètasyon, transparans, desantraliszasyon, Dyalòg enklizif ak kontinite Leta a nan chèche bay rezilta ki konkrè.
Pami aktivite ke direktè ANTONIO déjà reyalize pandan 100 premye jou li nan tèt direksyon depatmantal Edikasyon Sant lan, klèb kolaborasyon an site :
A)-Dyalòg ak Konsètasyon avèk diferan aktè edikatif tankou : sendika anseyan, enspeksyon skolè, direksyon lekòl, teknisyen ak lòt pèsonèl nan sektè a.
B)-Reòganizasyon andedan Direksyon depatmantal Edikasyon Sant. Yon demach ki fasilite repatisyon tach yo yon fason pou ka reestriktire sèvis yo. Nan menm branche saa direktè depatmantal afekte plizyè enspesktè ki te sòti nan dènye konkou yo Leta pat janm bayo zòn afeksyon .
C) plizyè Fomasyon kontini fèt swa nan nivo Sikososyal pou ranfòse kapasite anseyan yo ,swa nan nivo nimerik ak lòt Kad teknik yo pou pèmèt resasman lekòl yo.
D)-Oganizasyon revizyon sektoryèl yon fason pou gade priyorite konkrèt sou devlòpman sektè edikatif la nan rejyon an.
E) – Akonpayman pou elèv ki deplase yo. Fas AK sitiyasyon kriz ki gen nan ba plato santral ki koz anpil elèv deplase,gen plizyè dispozitif pou fasilite elèv ki, sitou nan klas ofisyèl nevyèm ane ak Ns4 jwenn kou ratrapaj pou ede yo prepare Egzamen Leta yo.kou konpansasyon sa yo reyalize chak samdi ak dimanch sòti 8tè pou rive 4trè nan zòn Ench, Tomond , L’askawobas ak Savanèt.
F)- Pou fasilite ekilib téritoryal, direktè depatmantal la deside travay nan ba plato yon fwa pa semèn yon fason pou li rapwoche lekòl ki pi lwen yo.
G)- Direktè depatmantal lan
Fasilite Akonpayman ak ebèjman pou anseyan ki deplase sòti mibalè pou koz ensekirite
H) Direktè depatmantal Edikasyon Sant lan,Wilson ANTONIO peye tout dèt direksyon an te genyen pou komemore fèt drapo 18 me 2024.
I)- Pou revize dosye regilarizasyon pèsonèl anseyans ak lòt antite yo,yon komisyon teknik déjà monte sou dosye sa yo.
J)- Nan sa ki gen pou wè ak komikasyon DDEC gen yon paj Facebook ofisyèl ak tweeter pou kapab pèmèt popilalsyon an rete enfòme sou diferan aktivite Enstisyon an.
K)-‘ plizyè atelye pedagojik reyalize nan Kad Fomasyon pou anseyan yo sou 4 nouvèl matyè yo
L)-Asenisman nan lokal direksyon depatmantal Edikasyon Sant lan. Betonaj lakou a AK reparasyon nan espas lan pou amelyore kondisyon travay pèsonèl yo.
Florince Fragile , Centre à la Une