Nou nan lane 2025. Konpetisyon nasyonal foutbòl yo kanpe depi 2020. 5 lane depi aktivite foutbòl kanpe nan peyi Ayiti, Federasyon Ayisyèn Foutbòl (FHF) pa janm anonse ofisyèlman aktivite konpetisyon yo ap reprann. Pandan entèval sa, Komite Nòmalizasyon an sèlman òganize 2 chanpyona espesyal pou kèk klèb premyè divizyon.

Premyè divizyon, dezyèm divizyon, twazyèm divizyon bò kote gason ; premyè divizyon bò kote fanm… chanpyona foutbòl nan peyi a kanpe depi deja 5 lane. Jwè ak jwez yo pa an aktivite, tèren yo pa resevwa match, kisa FHF voye yon espòtif fè lè metye l se jwe foutbòl ? Ministè Jenès, Espò ak Aksyon Sivik pa di anyen ! Federasyon Ayisyèn Foutbòl pa di anyen !

Depi lè komite nòmalizasyon an pran tèt federasyon an, yo sèlman rive reyalize sa yo rele « chanpyona espesyal D1 » an pandan 2 fwa. Komite sila ap dirije FHF depi 2020, avèk yon manda pou 2 lane. Nou nan 2025, se komite sa pa mwayen federasyon an ki toujou ap mennen foutbòl la nan peyi Ayiti. Pou ki rezilta ?

Nan 2020, aktivite foutbòl nan premyè divizyon te kòmanse (seri ouvèti)… chanpyona a ta pral kanpe pou rezon Covid-19 ; tout konpetisyon nasyonal foutbòl te kanpe nan peryòd sa. Nan janvye 2021, Federasyon Ayisyèn Foutbòl te prezante yon kwonogram aktivite avèk entansyon klèb 1è, 2è, 3è divizyon maskilen epi 1è divizyon feminen konsènan konpetisyon yo pou reprann, sa ki p at rive fèt jan li te defini sou papye.

Men kwonogram aktivite yo ki konsène konpetisyon yo ki ap fèt (ki te dwe fèt) :

  1. 28 janvye rive 1e mas 2021 : peryòd mitasyon jwè yo ;
  2. 20-21 fevriye 2021 : pwogramasyon match an reta yo ;
  3. 27 fevriye 2021 : kòmansman seri kloti nan D1 maskilen ;
  4. 06 mas 2021 : kòmansman play-offs chanpyona feminen 2020/21 ;
  5. 07 mas 2021 : kòmansman dezyèm tou nan D3.

Kite nou siyale, jiskaprezan nou pa janm konnen non klèb ki sakre chanpyon nan seri ouvèti nan premyè divizyon maskilen nan lane 2020 an.

Kilè konpetisyon nasyonal foutbòl yo ap reprann aktivite yo nan peyi Ayiti ?

Jacky Médé Fontaine
Centre à la UNE

By Jacky Médé FONTAINE

Mwen se Jacky Médé FONTAINE, m se Jounalis, Kwonikè espòtif, Etidyan nan Dwa.