Anpil te kwè, anpil te espere. Men finalman, lespwa yo te mete sou anjen lou a tounen sann. Tankou yon sèn sinik, bandi yo ki tout kote mete dife sou sèl machin ki te tounen senbòl espwa moralis yo, moun ki t ap manipile popilasyon an pou fè yo kwè ke delivrans t ap soti nan fè won ak bri metal blende. Nan tèt anpil moun, se te “sovè a ki rive”. Yo te pale de frape, de antre, de reprann. Men, nan reyalite, sa ki te vin fèt se te pi gwo bèl pawòl pou twonpe pèp la.

Prezidan KPT a, Fritz Alphonse Jean, te parèt kòm moun ki gen entansyon mete lòd, retabli yon otorite. Li te pwomèt rankont, vizit, konpansasyon, rekonstwiksyon, aksyon klè sou teren. Men sa nou wè se pwomès ki fonn pi vit pase glas sou dife. Moun Mibalè ak Sodo te kwè nan pawòl mansonj, men sa yo jwenn se silans, se gaspiye tan, se diplomasi vèbal ki pa janm tradui an aksyon konkrèt. Otorite vin tounen aktè fijitif, ap fè bak fas ak kriz la. Lè bandi boule sa ou rele “sèl zouti repriz” lan, sa ki rete pou pèp la?

Sosyete sivil te parèt sou sèn nan ak bèl pawòl: “Nou pral chita, nou pral pale, nou pral jwenn solisyon.” Men èske nou pale ak moun ki gen kapasite deside? Non. Dyalòg la te dwe fèt ak tèt ble, pa ak tèt cho. Se tankou w ap chita pale ak simityè sou kijan pou w resisite moun. Yo chwazi bwi mikwo ak kamera, olye chèche pale ak vrè pwotagonis yo, aktè reyèl la, sila yo ki kenbe Mibalè ak Sodo anba men yo chak swa.

Li vin klè, « dyalòg » sa a se te rit politik pou fè foto. Rezilta? Zewo. Solisyon? Pa genyen. Rale dosye? Non plis. E tout tan sa, pèp la ap viv anba kout zam, anba boukan, anba lapèrèz.

Se sa k pi iwonik la: nan tout pawòl sa yo, pa t gen okenn tantativ serye pou mete aktè vyolan yo nan tab negosyasyon. Yo pa pale ak sila yo ki gen zam, ki kenbe wout, ki okipe kay yo, ki barikade katye yo. Se avèk politisyen, komèsan, ak pèsonalite ki pa sou teren an, yo fè chita pale. Donk yo te atann rezilta ak metòd ki deja echwe.

Sa a se gwo fo pawòl la: ou di w vle lapè, ou di w vle rezilta, men ou pa janm adrese rasin pwoblèm nan. Ou sote nivo zewo a pou ale nan « pale bay rezo sosyal plezi ». Sa a se pa dyalòg, sa a se kosmetik.

Operasyon yo lanse tankou w ap jete kouto san manch nan mitan tanpèt. Pa gen plan reyèl, pa gen estrateji soutni, pa gen lojistik pou kontwole teritwa yo. Tout sa ki fèt se ekspresyon enpwovizasyon leta, kote chak aksyon fèt nan dezòd, nan repons emosyonèl, san oken kalkil long tèm.

Sa vin mete popilasyon Mibalè ak Sodo a nan yon pozisyon kote espwa pa gen ni pye ni tèt. Aprè plis pase de (2) mwa e kenz (15) jou, nou pa ka site yon sèl veritab rezilta ki montre ke popilasyon an ka tounen lakay li avèk sekirite. Pa gen retraka gang. Pa gen rekiperasyon teritwa. Pa gen sèvis retabli.

Espwa a, se pa anjen lou. Se pa chantaj sou blende. Se pa konbit ak mikwo san solisyon. Espwa a dwe soti nan volonte politik klè, nan dyalòg ak tout aktè reyèl yo, nan mete moun sou teren ki pa vin fè show, men vin travay ak prensip.

Men pou sa fèt, nou bezwen kraze ipokrizi, dechire dra manipilasyon an, mete je sou sa k ap pase tout bon. Se sèl jan nou va ka relanse espwa pèp Mibalè ak Sodo a, ki, jiska jounen jodi a, toujou ap kouri chak fwa solèy kouche.

Jean Launy AVRIL editoryalis Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar