30 lane apre, malerezman, bilan an pi chaje ak desepsyon pase ak fyète.

Nan moman Polis Nasyonal d’Ayiti (PNH) ap make 30èm anivèsè li nan dat 12 jen 2025, peyi a chita sou de bra li, ap obsève yon fòs ki te sipoze garanti sekirite, men ki vin tounen viktim pwòp feblès li. Depi 1995, kote li te pran nesans sou rès ansyen Fòs Lame Ayiti a, PNH la te pote espwa yon nouvo epòk, yon epòk kote polis la pa ta janm sèvi kòm zouti opresyon politik, men kòm garant lòd, sekirite, ak respè dwa chak sitwayen.

Se vre, PNH la vin divize an plizyè inite espesyalize: POLIFRONT, POLITOUR, CIMO, CAT TEAM, UDMO, USGPM, USGPN, USP, ÉDUPOL, ÉPINES, BOID, BLVV, BLTS, BRI, BIM, BAC, BAFE, GIPNH/SWAT, K-9, UTAG elatriye. Sa montre volonte teknik ak adaptasyon ak diferan reyalite sekirite peyi a. Men, tout sa pa sifi pou kache malè k ap gaye fon nan sistèm lan.

Jodi a, PNH la tounen yon enstitisyon preske fayi. Polisye yo ap riske lavi yo chak jou pou yon misyon yo vin pèdi sans li, anba menas gang, anba presyon politik, ak anba mizè ekonomik. Salè mizerab, mank asistans sosyal, pa gen asirans sante, pa gen kredi lojman, fanmi yo lage lè yo viktim, timoun yo pa ka peye lekòl, pandan ke elit politik peyi a ap naje nan kòb, ap vyole resous Leta, fè koripsyon vin règleman.

Anpil polisye ap viv ak gwo chay sou kè yo: yo konnen si yo mouri nan misyon yo , se grangou k ap tann fanmi yo. Leta pa asire okenn swivi pou madanm, pitit, oswa paran yo. Kidonk, anpil jèn evite antre nan fòs la; lòt yo demoralize, lòt vin lage tèt yo nan move rezo. Sa ki pa fini anba presyon VIP, tonbe nan fil gang, tounen otaj politisyen, oubyen depafini.

Politik manipile PNH la, otonomi li pa janm respekte. Olye lapolis sèvi ak popilasyon an, li pi souvan tounen gad VIP, gad ministè, sèvis pèsonèl gwo zotobre. Pèp la rete san sekirite, pandan politisyen ak gran nèg asire tèt yo. Lapolis la depafini, epi popilasyon an vin pè li plis pase li fè konfyans li.

Pire toujou, kèk òganizasyon dwa moun, olye yo defann enterè global pèp la, sèvi ak kriz la pou mete presyon sou PNH la, dyabolize li, destabilize li, sou pretèks defans dwa moun, men an reyalite, souvan se enterè ti gwoup y ap jere, se ògàn finansman y ap kouri dèyè.

Nou vle yon PNH ki enspire konfyans.
Nou vle yon PNH pwofesyonèl, endepandan, ak yon Leta ki respekte dwa li.
Nou vle yon PNH ki ka leve tèt li, ki pa pè gang, ki pa nan gang.
Nou vle yon PNH ki marye ak popilasyon an, ki bay sekirite tout kote, san distenksyon klas, san preferans politik.
Nou vle yon PNH ki sèvi nasyon an, pa yon polis ki tounen zouti politik, ni k ap sèvi enterè pèsonèl.

30 lane pa dwe selebre sèlman ak pawòl. 30 lane dwe poze nasyon an fas a devwa li genyen pou rebati fòs sekirite li sou baz jistis, etik ak diyite.

Jean Launy AVRIL
Editoryalis – Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar