Gen yon erè estratejik yo souvan fè nan soulèvman, mouvman rezistans, kòlè pèp yo ak yon regilarite ki prèske trajik : se kwè gen yon «dènye jès» ki ka ranvèse tout bagay. Yon aksyon final, radikal, espektakilè, ki kapab fòse advèsè a sede, oswa tonbe. Se ilizyon kout loraj ki chanje tan an. Men prèske toujou, se yon erè.

Ilizyon sa a sòti nan yon lekti nayif sou sa yo rele pouvwa a : nou panse se tankou yon jwèt kat, chak moun ap kenbe kat li an sekrè, jouk moman li mete dènye a. Men politik pa yon jwèt kote gen yon sèl gayan. Li pa gen fen pwograme, ni dènye wonn. Epi li pini sevè moun ki montre yo pa gen anyen ankò yo ka mete sou tab la.

Jwe dènye kat ou, se livre tèt ou. Se montre advèsè a ou rive sou bout fòs ou. Sa pa yon avètisman, se yon konfesyon. Epi nan monn sinik pouvwa a, konfesyon pa pote pitye : se yon envitasyon pou mepri.

Vrè estrateji a pa nan jès eklatan, men nan andirans. Nan kapasite pou kenbe fòs ou, chanje mwayen presyon, mete dout. Pouvwa a pa pè aksyon espektakilè, li pè lènmi ki gen pasyans. Lènmi ki pa devwale tout bagay, ki konn tann, ki toujou kenbe yon bagay an rezèv pandan zòt ap boule tout sa li genyen nan kout rèl.

Nan politik, jwe dènye kat ou pa montre fòs ou. Se deklare defèt ou byen fò. Se mete tout espwa ou sou yon sèl aksyon, kòm si li ta ka chanje tout. Pandan listwa montre kontrè a : anyen pa chanje nan yon sèl kout kle. Tout bagay fèt ak ti fwotman, presyon kontinyèl, travay tan an.

Lè ou prese ak listwa, ou ka sòti nan chimen li. Epi ou dekouvri, twò ta, ke advèsè ou… se te sa li t ap tann.

Li t ap tann ou mete tout bagay sou tab la. Pou ou di : «Men, se tout sa nou gen.» Li t ap tann fatig moral la, kote ou vin pran advèsè a pou yon moun wap priye. Lè ou pa gen okenn lòt mouvman, ou vin previzib — e sa ki previzib nan politik, deja anile.

Vrè fòs lan pa janm nan jès ekstrèm, men nan anbigwite kontwole. Nan kapasite pou pa bay tout sa ou genyen, menm lè gen ijans. Mouvman ki dire, ki deranje, ki vrèman chanje bagay, se sa ki refize espektak. Yo chwazi yon «ancrage» olye yon «coup d’éclat». Yo mete sab nan machin lan olye yo mete dinamit.

Men, romantis revolisyonè a toujou ap chèche yon «grand soir». Aksyon final la, tankou nan trajedi grèk, kote yo kwè yon sèl kout rèl ka chanje sò yo. Men mond modèn nan pa fonksyone konsa. Pouvwa a jodi a abitye ak kriz. Li konn resevwa chòk. Sa ki mete l mal alèz, se pa vyolans. Se tenasite. Se pa emet. Se òganizasyon.

Epi se sa ki vrè pwoblèm lan : toutotan fòs k ap revandike yo panse yo nan teyat, toutotan yo konfonn sèn ak yon arèn, toutotan yo kwè yon aksyon ase pou kraze yon estrikti, y ap pèdi. Pa paske yo pa gen rezon. Men paske yo chwazi move tèren an.

Pouvwa a pa bezwen genyen. Li sèlman bezwen ou bouke. Li bezwen ou panse tout bagay depann de yon sèl jès. Epi lè jès sa a fèt — epi anyen pa pase — se la bouch anmè a koumanse, apre sa se dout, epi dezagregasyon.

Fòk nou sispann kwè nan kat majik la. Pa gen kat mirak. Gen sèlman yon jwèt ki pa gen fen, kote entèlijans lan, se kontinye jwe menm lè ou panse ou pèdi tout déjà. Se la estrateji klè a koumanse : lè ou konprann pasyans pi « subversif» pase sakrifis.

Bladimy Bathalier

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841