Yon rechèch syantifik pa Eliphète DORT

Mibalè, Ayiti – jen 2025
Eliphète DORT, espesyalist nan syans edikasyon, chèchè angaje ak kowòdonatè RUPUH (Centre), mete pwen sou baryè ki mete edikasyon Ayiti a nan nivo li ye a.

Nan yon peyi kote edikasyon ta dwe poto mitan devlopman, anseyan ayisyen yo ap viv nan mizè, neglijans ak mepri. Travay sa, ki se rezilta yon ankèt serye fèt nan Mibalè, mete sou tab reyalite fènwa pwofesè yo ap fè fas chak jou. Pi plis toujou, li lonje dwèt sou sistèm edikatif la ki tounen yon zouti repwodiksyon inegalite sosyal.

Mizè kòm lavi pwofesyonèl

Dapre rezilta ankèt la, 93 % anseyan yo se lokatè, 80 % gen plis pase 3 pitit, e majorite pa menm mete pitit yo nan lekòl kote yo anseye. Sa fè montre yon nivo dekourajman ak mank konfyans ki mete anseyan yo lwen misyon edikasyon.

Yo depanse plis pase 570 000 goud chak ane, pandan salè yo pa depase 360 000 goud pou 10 mwa travay. Se pa etonan si yo endette jiska zo, afame, ak dezespere.

https://hal.science/hal-05066462

Anseyan yo, esklav modèn nan lekòl prive yo

Plis pase 90 % lekòl nan peyi a se lekòl prive, kote pwofesè yo pa gen okenn dwa sosyal : pa gen asirans, pa gen boni, pa gen materyèl didaktik. Nan 56 lekòl ki te fè pati etid la, tout sa yo jwenn kòm materyèl, se kreyon blan, règ ak kat jeyografik. Nan plis pase 80 % ka, pa gen dlo pou bwè, pa gen manje ofri.

Menm kote sa, direktè ak responsab mande eksèlans, mete presyon sou pwofesè yo pou bay rezilta, epi mete travay yo an danje si yo pa reyisi.

Lyen ant kondisyon pwofesè ak siksè elèv yo

Rechèch Eliphète Dort montre korelasyon klè : kote anseyan yo gen pi bon salè, gen asirans, gen aksè ak NTIC ak materyèl didaktik, lekòl sa yo gen pi bon rezilta.

Kontrèman, kote salè anseyan yo ba (35 a 60 dola pa èdtan), kote pa gen asirans, kote yo pa gen materyèl travay , se lekòl ki bay pi move pèfòmans akademik.

Propozisyon pou refòme sistèm nan

Travay la pa sispann sou konstat. Li mete devan :

Kreyasyon Ordre National des Enseignants Haïtiens (O.N.E.H);

Mete yon salè minimòm 50 000 goud pa mwa pou chak anseyan;

Asirans, kredi lojman, fòmasyon kontinyèl obligatwa;

Refon sistemik pou mete valè sou metye anseyan an kòm poto mitan nasyon an.

Yon vwa ki leve pou chanjman

Eliphète DORT, ki se profesè nan Inivèsite Piblik Centre (UPC) epi responsab fòmasyon pedagojik, pa sèlman yon syantifik. Li se yon militan edikasyon, yon vizyonè ki kwè edikasyon se pa liv sèlman, se levye liberasyon.

Avèk plis pase 100 sitasyon orijinal, liv didaktik, ak atik angaje, li mete tout konesans li o sèvis refòm edikatif la. DORT defann yon lekòl ki enkliziv, reflechi, e emancipatè, kote anseyan pa esklav men motè chanjman.

https://lescientifique.org/rhsevolume1numero2 : Anseye an Ayiti : Viktim yon sistèm ki tounen yo esklav modèn Continuer la lecture : Anseye an Ayiti : Viktim yon sistèm ki tounen yo esklav modèn

Konklizyon : Tant vaut l’enseignant, tant vaut la nation

Jou sa a, redaksyon Centre à la Une lanse apèl la : sove anseyan yo, se sove edikasyon peyi a. Lè pwofesè ap viv tankou restavèk modèn, n ap fabrike yon nasyon ki pa ka pran avni li an men. Rechèch sa se pa sèlman yon refleksyon , se yon mwayen reveye konsyans, mete Leta, sektè prive ak sosyete sivil devan responsablite yo “Tant vaut l’école, tant vaut la nation… Tant vaut l’enseignant, tant vaut la nasyon.” Eliphète Dort

Sou otè a : Eliphète DORT
Eliphète Dort se yon espesyalis nan syans edikasyon, chèchè ak kòdonatè RUPUH (Centre). Li se yon figi angaje nan batay pou refòm sistèm edikatif Ayisyen an. Anseyan nan Inivèsite Piblik Centre (UPC) ak lòt enstitisyon nan Mirebalais, li konsakre tèt li nan fòmasyon pwofesè, rechèch sou kondisyon lavi edikatè yo, ak devlopman pedagojik kontekstualize. Travay li, ki mare ak reyalite lokal yo, mete aksan sou jistis sosyal, edikasyon enklizif, ak valè limanite nan pratik ansèyman. Li se otè plizyè atik syantifik e li patisipe aktivman nan konstriksyon yon lekòl liberatè pou Ayiti.

Jean Launy AVRIL, Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar