Awondisman Mibalè plis pase 4 mwa majorite awondisman anba kontwòl bandi pitit yo ap soufri mal dòmi, anpil jèn fanm tonbe nan pwostitisyon, jèn gason tounen mandyan

Tan ap pase Leta ayisyen kwaze bra l epi mete linèt li sou pwent nen l ap gade nou k ap soufri, politisyen yo pa sispan fè kout kat mal taye sou do le pèp. Lè nou gade kantite atak bandi ame yo fè soti 31 mas pou rive nan mwa out la, sa montre bandi yo plis vle avanse pran lòt teritwa olye lapolis ta fè plan pou pren espas ki pèdi di yo, eske se ta vre responsab sekirite nan Depatman Sant la pa gen plan yo menm pou atake bandi yo ?

Daprè sa anpil pitit Sodo ap Mibalè fè konpran espwa koumanse ale lè y ap gade Kòman sa ap fèt, moun yo pa kache mekontman yo pou kritike moun nan sosyete sivil yo ki te al kache dèyè lidè politik pou ba yo fo espwa nan di yo pa lontan y ap tounen lakay, nan fè yo kwè y ap goumen ak teknik pou yo ka pasyante

Yon bò lapolis ap pwoteje gouvènman pou montre yo gen kontwòl sitiyasyon, yon lòt bò lide politik pa sispan resevwa kaka aran pou kenbe konfò yo, epi moun nan sosyete sivil ki pa sispan kriye dèyè nominasyon

Yon sistèm ki byen etabli, e ki ranpli ak chyen de gad

Aprè plis ke 4 mwa bandi anvayi depatman Sant èske n ap repouse yo, ou byen yo menm y ap pwogrese ?

Joseph Samuel GUILLAUME

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841