Pri paspò pou Ayisyen k ap viv nan peyi etranje fikse a 100 dola ameriken pou timoun, 125 dola pou granmoun. Se Ministè Zafè Etranjè ak Kilt yo ki pran desizyon sa.


Ministè a di tout lajan yo ranmase yo pral dwat nan trezò piblik atravè anbasad Ayiti nan Washington.


Yo profite siprime tout sèvis ijans ak ekstrèm ijans yo nan tretman demand yo.
Konsèy Prezidansyèl la salye mezi, sa yo konsidere kòm jefò pou gen plis transparans nan fonksyònman misyon diplomatik yo.


Depi kèk tan gwo eskandal pa sispann repete nan konsila ak anbasad Ayiti yo nan peyi etranje, rèsòtisan gen difikilte pou jwenn sèvis, diplomat ki plonje nan koripsyon souvan kase kès enstitisyon sa yo pou angrese pòch yo ak sila ki mare sosis ak yo nan vann pòs diplomatik yo.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841