Ajans Nasyonal Ansèyman Siperyè ak Rechèch Syantifik (ANESRS) fè konnen li pran konesans yon nòt 20 avril 2026
Emmanuel Hérold TOUSSAINT, PhD siyen.

, ki gen rapò ak òganizasyon yon seremoni gradyasyon ki sòti nan enstitisyon ki rele El Shaddai International Christian University.

Apre verifikasyon, li parèt klè enstitisyon sa a pa gen ni yon otorizasyon legal pou fonksyone sou teritwa ayisyen an, ni yon akreditasyon ofisyèl pou pwogram li pretann ap ofri yo, sa ki vyole dispozisyon reglemantè ki an vigè pou kontwole ansèyman siperyè ann Ayiti.

Dapre atik 214 dekrè mwa mas 2020 ki tabli òganizasyon, fonksyònman ak modènizasyon ansèyman siperyè a, nenpòt moun ki kreye oswa dirije yon etablisman prive ansèyman siperyè san li pa jwenn otorizasyon dekrè sa a prevwa a, ekspoze tèt li ak yon santans senk (5) rive sèt (7) ane prizon, ansanm ak yon amann senk (5) rive dis (10) milyon goud.

Anplis, atik 217 dekrè a prevwa menm sanksyon yo kont nenpòt moun ki bay tèt li diplòm oswa tit akademik pa fwod.

Kidonk, ANESRS deside entèdi imedyatman tout aktivite administratif, akademik oswa sètifikasyon enstitisyon ki rele El Shaddai International Christian University ap fè, ansanm ak nenpòt lòt enstitisyon k ap fonksyone andeyò kad legal ki an vigè a.

Ajans lan rezève li tou dwa pou li sezi otorite jidisyè ki konpetan yo, pou zak yo konstate yo jwenn swit legal ki apwopriye epi pou sanksyon lalwa prevwa yo aplike jan sa dwe fèt.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841