Direktè Jeneral Fon Nasyonal Edikasyon an (FNE), Mesye Elysé COLAGENE, patisipe lendi 20 avril 2026 la nan Karibe Convention Center, nan selebrasyon Jounen Nasyonal Dyaspora Ayisyèn 2026, ki te òganize anba tèm : “Ayiti, Sekirite, Eleksyon : Dyaspora a ap patisipe pou kore estabilite.”
Aktivite sa a, Ministè Ayisyen K ap Viv Aletranje (MHAVE) te òganize li, e plizyè gwo pèsonalite te pran lapawòl ladan l. Pami yo te genyen Minis ayisyen k ap viv aletranje a, Madam J.E. Kathia VERDIER, ansanm ak Minis Komès ak Endistri, Touris, Kilti ak Kominikasyon, Direktè Jeneral MHAVE la, Direktè Jeneral ONI a, ak Direktè Jeneral FNE a.
Nan diskou li, Mesye Elysé COLAGENE te remèsye epi felisite dyaspora ayisyèn nan pou gwo kontribisyon li nan kòz edikasyon ann Ayiti. Li te souliye resous peyi a limite, e sipò dyaspora a rete esansyèl pou avansman sektè edikasyon an.
“Nou rekonèt klèman bezwen yo anpil, pandan resous nasyonal yo pa sifi pou kont yo. Se la a, wòl dyaspora ayisyèn nan gen tout enpòtans li.”
Direktè Jeneral FNE a, ki di li kwè nan kapasite dyaspora a pou patisipe aktivman nan pwosesis redresman peyi a, ankouraje tout Ayisyen k ap viv aletranje yo pou yo enplike plis toujou nan lavi politik ak devlopman nasyonal la.
Li pwofite garanti pi gwo transparans nan jesyon lajan ki soti nan taks sou transfè lajan ak apèl entènasyonal yo. Mesye COLAGENE pwomèt pou fè yon jesyon ki sen, efikas epi san repwòch sou fon sa yo.