Nan depatman Sant lan, komin Savanèt ap fè fas ak yon menas inondasyon ki vin pi grav chak ane. Pandan setan bidjè nasyonal ministè anviwònman prevwa plis pase 110 milyon goud pou restore kouvèti forè yo, pou proteje popilasyon kont inondasyon epi jere risk ak rezilyans klimatik, sou teren an, plizyè milye moun kontinye ap viv san pwoteksyon reyèl, nan yon kontèks kote Ayiti deja klase pami peyi ki pi vilnerab fas ak chanjman klimatik.

Yon popilasyon k ap viv ak laperèz chak fwa lapli tonbe

Dapre estimasyon otorite lokal ak òganizasyon kominotè yo, plis pase 15 000 moun nan Savanèt ekspoze dirèkteman ak risk inondasyon chak ane. Nan kèk seksyon riral, prèske 6 sou 10 kay konstwi nan zòn ki fasil inondab.
“Chak fwa lapli tonbe, nou pèdi tout bagay ankò,” se temwayaj yon abitan ki fè konnen li deja sibi pèt plizyè fwa nan dènye ane yo.

Dènye sezon lapli yo deja lakòz plizyè ka deplasman tanporè, pèt rekòt, ak domaj nan enfrastrikti lokal yo, tankou wout ak ti pon.

Degradasyon anviwònman an ap akselere katastwòf la

Dapre done anviwònman an, plis pase 98 % kouvèti forè Ayiti disparèt, sa ki rann tè a trè vilnerab a ewozyon ak glisman teren. Nan zòn Savanèt, fenomèn sa a pi vizib toujou, kote mòn yo prèske toutouni.An menm tan, absans total sistèm drenaj nan plizyè lokalite fè dlo lapli pa gen okenn kanal pou li sikile, sa ki ogmante risk inondasyon rapid.

Ekspè yo estime ke nan kondisyon sa yo, menm yon lapli modere ka lakòz dega enpòtan.

Lajan nan bidjè a, men rezilta yo pa vizib, sou ki tèren pwojè sa egzekite ?

Nan bidjè nasyonal la pou egzèsis 2025-2026 la, Ministè Anviwònman prevwa : 40 milyon goud pou jesyon inondasyon ak pwoteksyon popilasyon. 30 milyon goud pou ranfòsman kapasite nan jesyon risk ak rezilyans klimatik. 40 milyon pou restore kouvèti forè yo nan 10 depatman peyi a. Sa fè yon total 110 milyon goud ki ta dwe sèvi pou pwoteje komin ki vilnerab tankou Savanèt.Men sou teren an, pa gen okenn pwojè estriktire ki vizib. Okenn gwo travay drenaj, okenn pwogram rebwazman nan echèl nesesè, ni okenn plan prevansyon ki klè.

Konpare ak bezwen yo, ekspè yo estime ke entèvansyon minimòm pou yon komin tankou Savanèt ta mande plizyè santèn milyon goud sou plizyè ane.

Yon ijans ki mande aksyon, pa deklarasyon ki pou fè moun dodo meya

Dapre analiz aktè lokal yo, kèk mezi priyoritè ta ka diminye risk yo rapidman : Enstalasyon omwen 5 km kanal drenaj nan zòn ki pi ekspoze yo. Rebwazman plizyè santèn ekta tè nan basen vèsan yo
Pwoteksyon rivyè yo ak travay gabyonaj. Fòmasyon komite lokal pou jere ijans. Mete an plas sistèm alèt bonè pou popilasyon an
San mezi sa yo, risk pou katastwòf rete trè wo.
Konbyen tan ankò Leta ap rete ap gade ?

Ayiti klase regilyèman pami peyi ki pi ekspoze ak katastwòf natirèl nan Karayib la. Malgre sa, anpil komin riral tankou Savanèt kontinye ap viv san okenn pwoteksyon reyèl.

Pou patnè entènasyonal yo, sitiyasyon Savanèt la montre klèman yon bezwen ijan pou :Pi bon kowòdinasyon nan itilizasyon resous yo. Plis transparans nan depans piblik yo. Envestisman dirèk nan komin ki pi vilnerab yo
Pandan sezon lapli ap pwoche, kesyon an rete menm jan an : èske otorite yo ap aji avan pwochen katastwòf la, oswa yo pral tann ankò ?

Pou popilasyon Savanèt la, kesyon an pa politik se kesyon siviv ak volonte ki pa genyen nan piwo tèt leta pou ede popilasyon ki nan difikilte yo.

Daniel Jean, Centre à la UNE!

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841