Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) fè Direktè Depatmantal Edikasyon yo konnen Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) ap òganize yon kanpay vaksinasyon kont difteri nan lekòl yo soti 19 pou bout 24 me 2026.

Nan sans sa a, MENFP mande tout Direktè Depatmantal Edikasyon yo pou yo pran tout dispozisyon nesesè pou pèmèt kanpay prevansyon ak kontwòl difteri sa a byen dewoule. Konsa, yo gen obligasyon pou yo :

1. Fè mesaj la rive jwenn direksyon lekòl piblik kou lekòl prive yo.
2. Fasilite pou ekip lasante yo kapab gen aksè ak lekòl yo.
3. Fè jan pou responsab lekòl yo, pèsonèl administratif ak anseyan yo mobilize.
4. Ankouraje mobilizasyon elèv yo ak paran yo sou enpòtans vaksen kont difteri.

Direksyon Sante nan Lekòl (DSS) ak Direksyon Apui pou Ansèyman Prive ak Patenarya ap gen pou asire suivi teknik operasyon vaksinasyon sa a avèk ekip MSPP yo.

Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841