_Santral Idwoyelektrik Pelig twouve li ant komin Boukan Kare ak komin Laskawobas. Aprè konstriksyon baraj la ant 1953 ak 1956, gouvènman François Duvalier a te materyalize pwojè prezidan Dumarsais Estimé sa. Santral la genyen twa (3) tibin ak yon kapasite 18 megawat yo chak. Tibin sa yo ki se tip « Francis » te enstale pa yon konpayi italyèn. Santral Idwoyelektrik Pelig posede yon kapasite pwodiksyon total 54 megawat avèk 3 tibin._

Rejyon Ba Plato Santral pi presizeman Mibalè ak zòn nan anviwon li yo plonje nan blakawout depi ete 2024 ! Pou rapèl, yon gwo manifestasyon te òganize 2 septanm 2024 ki te sòti sou plas vil Mibalè pou ale devan Santral Idwoyelektrik Pelig, kote yon milye moun te mache anviwon 11 kilomèt pou mande ak <>. Kòm reyaksyon, Elektrisite d Ayiti (EdH) nan yon nòt nan dat 3 septanm 2024 te pale de <>.

*Plato Santral ak Elektrisite d Ayiti : yon relasyon blakawout anviwon 2 lane !*

Aprè bandi san fwa ni lwa ki nan kowalisyon kriminèl Viv Ansanm te anvayi Mibalè ak Sodo nan dat 31 mas 2025, ba Plato Santral ki te deja nan fènwa plonje pi fon nan ensètitid pou konnen kilè kouran ap retabli. Madi 17 jen 2025, yon gwo foul moun anvayi santral idwoyelektrik Pelig la, fòse anplwaye yo kanpe enstalasyon yo. Se te dezyèm fwa, nan mwens yon mwa, santral la te fèmen aprè yon gwoup moun te enpoze lòd yo. Fwa sa a, anplis aktivite yo ki te kanpe, pwotestatè yo te andomaje yon pilòn ki genyen kab ki alimante Pòtoprens an kouran.

Santral Idwoyelektrik Pelig èske li te viktim divizyon politik ? Nouvèl fèmti fòse santral idwoyelektrik Pelig la ta lye ak divizyon anndan nan mitan egzekitif la. Se sa Mèt Robenson Mazarin, manm sosyete sivil Mibalè, ki te envite nan emisyon maten Magik9 mèkredi 25 jen 2025 la, te fè konnen.

Daprè Robenson Mazarin, nouvèl fèmti sa te genyen pou wè ak << irespè akò konkli ant sosyete sivil Mibalè a ak otorite yo nan Leta, ki te dwe pèmèt ajan polis yo ekipe pou deloje bandi yo nan Mibalè >>, epi ak tansyon san kanpe nan mitan egzekitif la.

Mèt Mazarin te deklare aksyon sa a vini aprè echèk yon operasyon polisyè ak yon anjen lou Polis Nasyonal Ayiti (PNH) popilasyon an te ofri ki te boule. Li te presize popilasyon an entèprete dife anjen an pa bandi ki nan kowalisyon kriminèl Viv Ansanm yo kòm yon konplisite otorite yo avèk kriminèl yo. Pèsepsyon sa te soulve kolè popilè a epi mennen ak atak kont santral idwoyelektrik Pelig la.

Aprè pilòn nan ki te andomaje jou fèmti a, de lòt pilòn te sabote nan demen pa yon lòt gwoup, se sa Robenson Mazarin te revele, pandan li te denonse mannèv politik òkestre an sekrè pa sèten pèsonalite.

Kite nou raple, yon gwoup nan sosyete sivil Mibalè a te rankontre kowòdonatè Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an nan epòk la, Fritz Alphonse Jean, nan dat 11 jen 2025. Vandredi 20 jen 2025, nan yon antrevi li bay ak yon konsòsyòm senk jounalis, kowòdonatè KPT a nan epòk la, Fritz A. Jean te rekonèt egzistans yon pwofon malèz nan mitan popilasyon an. Li te denonse yon tantativ rekiperasyon politik pa << sèten manm administrasyon piblik la >> aprè anjen PNH la te boule. Mesye Jean te anonse ouvèti yon ankèt pou retabli responsablite yo nan fèmti santral idwoyelektrik Pelig la.

Yon lòt bò, divès òganizasyon nan sosyete sivil la te alète sou ris efondreman baraj Pelig la. Sosyete sivil Dekovil ak Pelig la te lanse yon kri alam fas ak yon menas grav ki peze sou baraj idwoyelektrik Pelig la, yonn nan enfrastrikti ki pi estratejik nan peyi a. Nan yon nòt li te rann piblik nan mwa jiyè 2025, manm sosyete sivil yo te denonse pasaj regilye kamyon machandiz sou baraj la, an patikilye pandan lannuit anba je otorite lokal yo.

Gouvènman anplas la, dirijan ak otorite politik sanble pa bay Pelig regle anyen pou yo ! Si nou gade nan ki endiferans total yo trete Santral Idwoyelektrik Pelig ki p ap pwodui kouran depi byento 2 lane san yo pa tanmen jefò konkrè pou kouran retabli. Inogirasyon Santral Idwoyelektrik Pelig la fèt 22 jiyè nan lane 1971. Malgre li la lontan, santral idwoyelektrik Pelig rete pami patrimwàn touristik ak istorik pi enpòtan peyi a genyen. Pwodiksyon li founi laplipa elektrisite nesesè li ak peyi a. Kidonk, se yonn nan ra achitekti da nan XXèm syèk la ki sanble gade tout frechè li. Vizitè yo pwofite pou reviv listwa lè yo vini nan Santral Idwoyelektrik Pelig. Chak touris etranje oubyen lokal etone lè yo dekouvri estrikti esplandid ak mèvèye sa.

Alòske rejyon ba Plato Santral la plonje nan fènwa depi byento anviwon de (2) lane, divès sitwayen ta va fè konnen genyen dyalòg ki angaje ant otorite yo ak sosyete sivil Mibalè a pou ta repare pilòn ki te andomaje yo pou kouran kapab retabli nan Plato Santral ak nan Pòtoprens. Toutfwa, popilasyon an bò kote pa li ta va deklare << nou pa bezwen dyalòg. Nou bezwen otorite yo reponn ak revandikasyon nou yo : deplwaye ajan lòd, bay yo ekipman konvenableman pou operasyon nan Mibalè ak Sodo epi kouran pral retounen nan Pòtoprens >>.

Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841