Pati politik INIFÒS anonse ofisyèlman li retire li nan Pak Nasyonal pou Sekirite ak Òganizasyon Eleksyon yo. Desizyon an te kominike atravè yon lèt ouvè pati a voye bay Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, nan dat 7 me 2026.

Nan dokiman an, responsab pati a eksplike desizyon sa a soti apre yon analiz pwofon sou sitiyasyon peyi a ansanm ak fason Pak la ap aplike. Daprè INIFÒS, malgre prezans fòs etranje yo nan peyi a, kontra ki siyen ak mèsenè etranje ak kèk efò fòs sekirite nasyonal yo, ensekirite a kontinye ap vale teren nan plizyè zòn nan peyi a.

Pati a site espesyalman plizyè lokalite tankou Séguin, Lachapelle ak Marchand-Dessalines kote gwoup ame yo kontinye ap agrandi enfliyans yo san okenn gwo baryè. INIFÒS fè konnen li pa vle tounen konplis yon Pak Nasyonal ki, daprè li menm, pa rive pwodwi rezilta konkrè sou kesyon sekirite a.
“Pa gen okenn plan sekirite klè ki prezante devan popilasyon an pandan gang yo kontinye ap pran nouvo teritwa an tout enpinite,” se youn nan gwo pwen ki soulve nan lèt la.

Pati politik la fè konnen tou li pa kwè eleksyon kapab òganize seryezman nan kondisyon aktyèl peyi a. Daprè lidè INIFÒS yo, yon pwosesis elektoral bezwen yon klima sekirite estab ansanm ak yon minimòm konfyans ant aktè politik yo ak popilasyon an.

Malgre retrè sa a, pati a presize li pa abandone lide pou chèche solisyon pou peyi a. Okontrè, INIFÒS di li toujou pare pou patisipe nan nenpòt dyalòg ki sensè, enklizif ak transparan pou ede jwenn yon tranzisyon ki kapab mennen nan eleksyon lib ak kredib.

Lèt la pote siyati Kowòdonatè Nasyonal pati a, Enjenyè Jean Dieudonné Lubin, ansanm ak Sekretè Jeneral la, Mèt Patrick Séverin.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841