Kèk èdtan sèlman aprè tribinal federal Miami nan peyi Etazini fin rann vèdik li nan kad dosye asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse, pitit gason li, Joverlein Moïse, soti pou fè yon seri deklarasyon li konsidere kòm enpòtan pou opinyon piblik la.

Nan yon kominike li pataje, Joverlein Moïse fè konnen se kat (4) akize yo menm ki te mande òganizasyon pwosè a, nan objektif pou yo te kapab jwenn rediksyon nan santans yo. Daprè li, pwosè sa a pa t òganize prensipalman pou rann jistis ak ansyen chèf Leta ayisyen an, men pito pou otorite ameriken yo te kapab detèmine nivo enplikasyon diferan aktè ki te opere sou teritwa ameriken an.

Pitit ansyen prezidan an raple tou, selon enfòmasyon li di li te jwenn nan men FBI, ankèt la te sitou chèche idantifye rezo ak moun ki te patisipe nan konplo a sou tè ameriken. Malgre sa, li estime vèdik ki soti Miami an reprezante yon moman espesyal nan listwa Ayiti, espesyalman nan kestyon batay kont enpinite ak entèvansyon etranje.

Joverlein Moïse souliye pwosè a fè parèt nouvo non ansanm ak nouvo pis ankèt ki ta dwe kontinye eksplore. Li fè konnen youn nan pi gwo revelasyon ki sòti pandan odyans yo se sa li rele “operasyon Bolivie” a, yon plan ki, daprè li, te enplike plizyè kategori aktè tankou atis, medya, opozan politik ak manm sosyete sivil, ki te kontribye “konsyamman oubyen enkonsyamman” nan reyalizasyon objektif moun ki te planifye operasyon an.

Nan menm entèvansyon an, Joverlein Moïse pa kache fristrasyon li fas ak fason dosye asasina papa li a ap jere ann Ayiti. Li denonse lefèt ke kèk prizonye deja jwenn liberasyon yo, plizyè òdonans jistis anile, pandan jiskaprezan okenn moun poko kondane nan sistèm jidisyè ayisyen an.

Li kritike tou silans ak mank enterè tribinal entènasyonal yo sou kestyon sa a, pandan li estime popilasyon ayisyèn nan merite konnen tout laverite sou asasina ansyen prezidan an.

“Pèp Ayisyen, lènmi ou yo, yon lòt fwa ankò idantifye”, se avèk pawòl sa yo Joverlein Moïse fini deklarasyon li a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841