Plizyè benefisyè Pwogram Agrikilti Rezilyan pou Sekirite Alimantè (PARSA) denonse fason responsab pwojè a ap jere aktivite yo nan Plato Santral la. Dapre plizyè temwayaj ki rive jwenn redaksyon Centre à la UNE, anpil patisipan di yo pa satisfè ak fonksyònman pwogram nan sou teren an.
Pami prensipal pwoblèm yo soulve genyen mank kominikasyon ant responsab yo ak benefisyè yo, reta nan egzekisyon aktivite ki te deja planifye yo, ansanm ak ka plizyè moun ki deklare yo travay pandan plizyè mwa san yo pa janm resevwa lajan yo.
Redaksyon Centre à la UNE te kontakte youn nan responsab pwogram nan wikenn ki sot pase la pou jwenn plis esplikasyon sou akizasyon sa yo. Malerezman, responsab la pa t montre okenn enterè pou reponn kesyon yo ni pote limyè sou sitiyasyon an.
Pou rapèl, PARSA se yon pwojè Leta ayisyen atravè Ministè Agrikilti, Resous Natirèl ak Devlopman Riral (MARNDR), avèk finansman Bank Mondyal. Pwojè a gen objektif pou ranfòse sekirite alimantè, amelyore rezilyans fanmi vilnerab yo epi ankouraje pwodiksyon manje nourisan nan plizyè depatman peyi a, tankou Sant.
Nan kad aplikasyon pwojè a, PARSA ap sipòte agrikiltè yo atravè distribisyon entran agrikòl, fòmasyon teknik, sipò nan elvaj kabrit, volay, apikilti ak akwakilti. Pwogram nan patisipe tou nan devlopman kantin eskolè yo depi ane akademik 2023-2024, kote li ankouraje achte pwodwi lokal nan men pwodiktè zòn yo.
Anplis sa, pwojè a ap reyalize plizyè travay ak gwo entansite mendèv pou rebati enfrastrikti pwodiktif nan zòn riral yo epi pwoteje tè agrikòl yo.
PARSA se yon pwojè ki prevwa dire 5 lane ak yon finansman ki depase 150 milyon dola ameriken. Li vize sitou ti eksplwatasyon agrikòl ki afekte pa katastwòf natirèl yo, pou ede amelyore kondisyon lavi ak mwayen sibzistans popilasyon an.
Daniel Jean, Centre à la UNE!