ÉDITORYAL

Madi 25 Dawout 2026| 00571

FÈT SEN LWI MIBALÈ NAN FÈNWA AKOZ KONIVANS MOUN KI PA RENMEN MIBALÈ

Chak 25 dawout te toujou pote yon sant espesyal pou Mibalè. Se te yon dat ki te depase dimansyon relijye fèt Sen Lwi a pou l antre nan memwa kolektif yon vil antye, yon moman kote moun ki te pati te konn retounen, fanmi te konn reyini, zanmi te konn kwaze ankò, dyaspora a te konn reprann wout lakay, lari yo te konn chaje ak mouvman, komès te konn pran souf, mizik te konn monte, epi yon vil antye te konn sonje li vivan. Men 25 dawout sa a rive ankò tankou yon klòch k ap sonnen nan yon legliz ki prèske vid. Pou yon lòt ane ankò, fèt Sen Lwi Mibalè tonbe nan fènwa. Se pa paske moun Mibalè pèdi lanmou pou fèt yo, se pa paske tradisyon an fin mouri, ni paske pitit vil la bliye chemen lakay yo. Se paske yon vil ki te konn resevwa pitit li yo ak bra louvri jwenn tèt li anba chay gang, ensekirite, konivans, enterè ak yon seri jwèt ki kontinye kenbe popilasyon an byen lwen pwòp kay li.

Sa ki rive Mibalè a pa kapab kontinye prezante tankou yon senp aksidan sekirite. Plis pase yon lane apre gang ame anvayi zòn nan, moun toujou pa kapab retounen nòmalman lakay yo, kay rete abandone, aktivite ekonomik disparèt, fanmi gaye, epi yon vil ki te sèvi kòm youn nan gwo sant ekonomik, sosyal ak kiltirèl Depatman Sant lan ap viv tankou yon kò yo retire nanm li. Se la kestyon an vin pi lou. Si tout moun di yo vle Mibalè retounen viv, poukisa Mibalè toujou pa kapab reprann souf li? Si Leta vle moun yo retounen, si responsab lokal yo vle sa, si aktè politik yo vle sa, si òganizasyon yo vle sa, si tout moun ki pran mikwo ap repete yo renmen Mibalè, ki fòs envizib ki kontinye anpeche volonte sa yo rankontre sou menm teren an? Lè twòp moun di yo vle menm bagay la pandan rezilta a toujou kontrè, refleksyon an oblije ale pi lwen pase diskou yo.

Gen yon lòt verite nou dwe gen kouraj gade nan je. Malè yon pèp kapab tounen opòtinite pou lòt moun. Deplasman kapab kreye pwojè. Kriz kapab kreye bidjè. Soufrans kapab bay vizibilite politik. Yon popilasyon ki pèdi kay li kapab tounen yon dosye sou yon tab, yon estatistik nan yon rapò, yon rezon pou mande finansman, yon okazyon pou fè konferans, yon zouti pou konstwi kapital politik. Se poutèt sa moun Mibalè yo gen dwa mande si tout moun ki di yo ap travay pou retou yo genyen menm enterè pou retou sa fèt vre. Paske depi kriz la dire, gen moun k ap soufri, men kapab genyen lòt moun k ap jwenn avantaj nan fason kriz la ap jere. Nou pa dwe akize san prèv, men nou gen obligasyon poze kestyon. Lè yon maladi dire twòp tan pandan twòp doktè ap fè reklam sou tretman yo, malad la gen dwa mande si tout moun vrèman enterese nan gerizon li.

Mibalè pa bezwen plis moun k ap renmen l nan diskou. Li bezwen moun ki renmen l nan aksyon. Twòp fwa nou wè rankont, dyalòg, pwomès, deklarasyon ak inisyativ ki sanble pral louvri yon pòt pou retou popilasyon an, epi tout bagay disparèt tankou tras pye nan dlo. Chak fwa espwa kòmanse leve, yon lòt obstak parèt. Chak fwa moun kòmanse pale de retounen, yon lòt dout antre. Se tankou gen yon men ki toujou ap retire nechèl la chak fwa popilasyon an pare pou monte. Pandan tan sa, moun yo ap viv nan abri, kay fanmi, lòt komin oswa lòt depatman, pandan pwòp kay yo rete dèyè. Yon sitwayen ki gen kay li, tè li, biznis li ak istwa li nan Mibalè vin oblije viv tankou yon moun ki pa gen rasin. Sa se pa sèlman yon kriz sekirite, se yon dechoukay sosyal, ekonomik, kiltirèl ak sikolojik.

Se poutèt sa 25 dawout 2026 la dwe plis pase yon dat nou make sou kalandriye. Li dwe sèvi kòm yon glas nou mete devan konsyans nou. Fèt Sen Lwi te toujou youn nan moman kote Mibalè te reprann tout koulè li. Pitit vil la ki te Pòtoprens, lòt depatman, Etazini, Kanada, Lafrans, Repiblik Dominikèn oswa lòt kote te konn jwenn yon rezon pou retounen pran yon ti souf lakay. Yo te konn retounen wè fanmi, zanmi, lakou, lari, legliz, mache ak tout ti detay ki fè yon moun santi li soti yon kote. Se sa yon fèt patwonal reprezante tou. Li se yon pon ant moun ak rasin yo. Lè gang ak ensekirite rive koupe pon sa a, se pa sèlman yon fèt yo anpeche fèt. Se yon moso nan memwa yon kominote yo mete an ekzil. Se yon jenerasyon timoun ki ka grandi san yo pa konnen gou fèt vil paran yo. Se yon relasyon ak tè a ki ap febli chak jou moun yo pase deyò.

Men nou pa dwe kite gang yo pote tout responsabilite a pandan nou fèmen je sou echèk moun ki te gen obligasyon pou anpeche sitiyasyon an rive nan nivo sa a. Gang yo fè travay destriksyon yo, men kote Leta ye? Kote otorite lokal yo ye? Kote estrateji retou a ye? Kote plan pou reprann teritwa, sekirize katye yo, retabli sèvis piblik, relanse ekonomi lokal la epi akonpaye fanmi yo ye? Nou pa kapab kontinye pale de retou tankou se yon favè yon moun pral fè moun Mibalè. Retounen lakay se yon dwa. Sekirite se yon dwa. Viv sou tè pa w san yon gwoup ame mete w deyò se youn nan premye garanti yon Leta dwe bay sitwayen li. Lè Leta pa kapab garanti sa, li pa dwe mande pèp la pou l kontante l ak seremoni, deklarasyon ak pwomès. Yon peyi pa dirije ak kondoleyans. Yon vil pa libere ak konferans pou laprès.

Jodi a, nan okazyon fèt Sen Lwi a, panse nou ale jwenn tout moun Mibalè ki lwen lakay yo, sila ki ta renmen mache nan lari vil yo ankò, sila ki ta renmen ouvri pòt kay yo, sila ki ta renmen retounen nan biznis yo, sila ki ta renmen vizite vwazen yo, sila ki ta renmen senpleman chita devan lakou yo san yo pa bezwen pè yon kout zam. Men panse sèlman pa sifi. Mibalè bezwen retounen viv. E pou sa fèt, fòk nou sispann fè malè vil la tounen yon teren pou ego, pwojè pèsonèl, kalkil politik ak enterè kache. Fòk tout moun ki pretann renmen Mibalè mete enterè vil la anvan pwòp enterè yo. Paske yon branch bwa pou kont li fasil kase, men lè plizyè branch mare ansanm yo fè yon feso. Se feso sa Mibalè bezwen jodi a. Yon feso moun ki pa mande kiyès k ap pran kredi pou retou a, men ki sèlman mande kilè granmoun, fanm, gason ak timoun yo pral kapab reprann chemen lakay yo. Fèt Sen Lwi a tonbe nan fènwa ankò ane sa a, men kestyon nou dwe pote jouk limyè parèt la rete menm jan an. Konbyen lòt 25 dawout Mibalè dwe pase lwen pitit li yo anvan tout moun ki gen pouvwa pou aji deside finalman mete Mibalè anvan enterè pa yo?

Ekri pa: Jean Launy AVRIL
Editoryalis, Centre à la Une

Nou se Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841