Opposition Progresis la mande CARICOM pou pa apiye gouvènman ak prosesis elektoral la ki pral lage peyi a nan twou pi fon
Gwoupman politik Opozisyom Progresis prezante bay delegasyon CARICOM nan yon memwa nan dat 4 septanm 2026, kote li fè yon gwo kritik sou fason peyi a ap dirije kounye a, pandan li denonse agravasyon ensekirite a, akizasyon koripsyon ak sa li konsidere kòm plizyè iregilarite nan pwosesis elektoral la.
Rankont lan fèt nan yon moman kote kesyon eleksyon yo pran plis plas nan deba politik la. Delegasyon CARICOM la ap rankontre ak plizyè aktè ayisyen pou chèche konprann kriz la epi idantifye posib chemen pou soti nan enpas politik la. Vant Bèf Info rapòte 5 septanm kriz politik la, ensekirite ak ensètitid sou avni peyi a te nan mitan diskisyon ant CARICOM ak Opozisyon progresis.
Eleksyon yo pa rejte, men kondisyon yo dwe chanje
Malgre kritik li yo, opozisyon progresis fè konnen li pa kont eleksyon. Gwoupman an di li pare pou patisipe nan yon pwosesis elektoral, men li estime kondisyon aktyèl yo pa garanti yon eleksyon ki ka bay rezilta kredib e aksepte pa popilasyon an.
Nan plizyè deklarasyon piblik, opozisyon an deja mete aksan sou ensekirite, deplasman popilasyon an ak difikilte sitwayen yo genyen pou egzèse dwa sivik yo. Dapre analiz li, òganize eleksyon san rezoud pwoblèm fondamantal sa yo kapab sèlman ranvwaye kriz lejitimite a pou yon lòt dat.
Gwoupman an soulve tou kesyon sou kad elektoral la ak endepandans Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP). Li konsidere kèk chanjman administratif oswa kèk chanjman nan konpozisyon KEP a pa sifi pou rezoud kriz konfyans ki egziste ant enstitisyon yo ak yon pati nan popilasyon an.
Depa gouvènman an nan mitan revandikasyon yo
Youn nan prensipal demann opozisyon progresis mete devan CARICOM se chanjman nan tèt gouvènman an. Gwoupman an mande depa gouvènman aktyèl la epi pwopoze yon nouvo fòm gouvènans ki ta gen yon manda limite ak yon misyon klè pou mennen peyi a sou wout estabilizasyon ak eleksyon.
Pozisyon sa a pa nouvo. Depi mwa jen, plizyè òganizasyon ki fè pati opozisyon pwogresis la te deja mande yon Egzekitif bikèfal pou ranplase sistèm aktyèl la epi mennen tranzisyon an nan direksyon eleksyon.
Nan vizyon opozisyon an, yon nouvo gouvènans ta dwe konsantre sou retabli sekirite, ranfòse enstitisyon yo, kreye konfyans nan mitan aktè politik yo epi prepare kondisyon ki nesesè pou yon pwosesis elektoral transparan ak enklizif.
Yon dyalòg nasyonal kòm lòt pòt sòti nan kriz la
Opozisyon progresis mande tou pou gen yon dyalòg nasyonal enklizif, avèk patisipasyon diferan sektè politik ak sosyal yo. Pou gwoupman an, yon solisyon dirab pa kapab soti sèlman nan negosyasyon ant kèk aktè politik oswa nan desizyon otorite ki deja an plas.
Li mande pou CARICOM, Nasyonzini ak OEA jwe yon wòl nan fasilite dyalòg la, san yo pa bay enpresyon y ap apiye yon sèl kan oswa konsève sitiyasyon aktyèl la.
Deja nan mwa out, opozisyon progresis te voye yon lèt bay sekretè jeneral OEA a, Albert Ramdin, pou mande òganizasyon an revize apwòch li sou kriz ayisyen an. Gwoupman an te mete aksan sou nesesite pou gen eleksyon transparan, kredib ak enklizif, pandan li te eksprime enkyetid sou sekirite ak endepandans pwosesis elektoral la.
Kesyon konfyans nan pwosesis elektoral la
Gwoupman an soulve tou kesyon sou nivo patisipasyon sitwayen yo nan enskripsyon elektoral la. Dapre analiz li, yon patisipasyon ki fèb kapab tradui yon mank konfyans nan pwosesis la olye li senpleman vle di sitwayen yo pa enterese nan eleksyon.
Opozisyon progresis te mete anvan tou kesyon sou itilizasyon done pèsonèl ak NINU kèk sitwayen nan pwosesis enskripsyon elektoral la, epi li mande plis garanti sou pwoteksyon enfòmasyon sa yo.
Yon apèl pou CARICOM
Nan memwa li prezante bay CARICOM nan, opozisyon progresis mande òganizasyon rejyonal la pou li pa konsidere eleksyon kòm sèl repons pou kriz ayisyen an. Pou gwoupman an, eleksyon yo dwe vin kòm rezilta yon pwosesis kote sekirite, konfyans ak kredibilite enstitisyon yo deja retabli.
Pozisyon sa a mete CARICOM devan yon gwo defi diplomatik: jwenn yon ekilib ant nesesite pou ankouraje yon retou rapid nan lòd demokratik la ak demann plizyè sektè ayisyen k ap mande chanjman nan gouvènans anvan yo ale nan eleksyon.
Pandan CARICOM kontinye konsilte diferan aktè politik yo, deba a ap vin pi klè: èske Ayiti dwe ale dirèkteman nan eleksyon nan kondisyon aktyèl yo, oswa èske li nesesè pou fè yon nouvo aranjman politik anvan Pou opozisyon progresis, repons lan klè: peyi a bezwen yon nouvo etap politik, yon gouvènans ki gen manda limite, yon dyalòg nasyonal enklizif ak garanti sekirite ak kredibilite anvan elektè yo ale nan bwat bilten yo.