Asanble Lejislatif Salvador a vote, madi 29 septanm 2026 la, yon lwa espesyal ki otorize Lame Salvadò la kontinye patisipe nan Force de Suppression des gangs (GSF), fòs entènasyonal k ap opere ann Ayiti pou konbat gwoup ame yo. Desizyon an vini pandan Konsèy Sekirite Nasyonzini an fèk pwolonje manda GSF la pou sis lòt mwa.
Avèk 57 vòt, depite Asanble Lejislatif Salvadò yo apwouve Lwa Espesyal Tranzitwa sou Patisipasyon Fòs Lame Salvadò a nan Force de Suppression des gangs (GSF) ann Ayiti. Lwa a pote nimewo Dekrè 679 e li gen dat 29 septanm 2026.
Dapre Asanble Lejislatif Salvador la, nouvo lwa a pèmèt peyi a kontinye bay GSF sipò atravè pèsonèl militè ak sivil, avyon ak lòt ekipman, selon bezwen misyon an ak kapasite Fòs Lame Salvadòla.
Patisipasyon Salvadò a pa yon nouvo angajman ki kòmanse ak lwa 29 septanm nan. Peyi a te deja rantre nan Misyon Miltinasyonal pou Sipòte Sekirite ann Ayiti (MMAS) an 2024. Apre Konsèy Sekirite Nasyonzini te otorize tranzisyon soti nan MMAS pou ale nan nouvo GSF la, otorite salvadoryen yo te bezwen yon nouvo kad legal pou kontinye patisipasyon yo nan misyon an.
Nouvo lwa a prevwa yon premye peryòd patisipasyon ki dire 12 mwa, apati 2 oktòb 2026. Peryòd sa a kapab pwolonje toutotan misyon entènasyonal la kontinye oswa si gen nesesite pou fè sa.
Lwa a presize tou pèsonèl salvadoryen yo dwe respekte lwa ak koutim Ayiti, ansanm ak règleman ki etabli pou misyon GSF la. Salvadò kenbe jiridiksyon legal li sou pwòp pèsonèl li nan kad dispozisyon akò entènasyonal ki aplikab yo.
Desizyon an vini apre renouvèlman manda GSF la
Vòt Asanble Salvadò a fèt menm jou Konsèy Sekirite Nasyonzini an pran desizyon pou pwolonje manda GSF la pou sis mwa, jiska 31 mas 2027. Dapre EFE, desizyon an te jwenn 12 vòt an favè, san okenn vòt kont, pandan twa peyi te absteni.
GSF la te kreye pou ranplase MMAS la e li gen misyon pou sipòte otorite ayisyen yo nan batay kont gang ame yo. Fòs la resevwa sipò lojistik ak operasyonèl Nasyonzini atravè UNSOH, men li pa yon misyon mentyen lapè Nasyonzini.
Kesyon ranfòsman fòs entènasyonal la vin pi enpòtan pandan deplwaman GSF la ap fèt avèk difikilte.Nan diskou li devan Asanble Jeneral Nasyonzini an nan fen mwa septanm nan, Premye Minis ayisyen Alix Didier Fils-Aimé te mande kominote entènasyonal la pou li konplete deplwaman fòs la, sitou anrapò ak pèsonèl, ekipman ak mwayen operasyonèl.
Dapre EFE, GSF la te toujou nan yon faz inisyal nan deplwaman li, e responsab misyon an te mande plis sipò entènasyonal pou ogmante kapasite fòs la sou teren an.
Yon nouvo etap nan patisipasyon Salvadò ann Ayiti
Avèk lwa 29 septanm nan, Salvadò bay yon nouvo baz legal pou kontinye patisipasyon fòs lame li nan operasyon entènasyonal k ap fèt ann Ayiti.
Sa vle di desizyon Asanble Salvadò a pa dwe prezante sèlman kòm yon nouvo desizyon pou voye sòlda ann Ayiti, paske peyi a te deja patisipe nan MMAS la depi 2024. Sa ki chanje prensipalman se kad legal patisipasyon an, apre transfòmasyon MMAS la pou vin GSF.
Pou Ayiti, patisipasyon Salvadò a antre nan yon kontèks kote otorite ayisyen yo ap mande plis sipò entènasyonal pou ranfòse kapasite fòs ki la pou konbat gang yo epi kreye kondisyon sekirite ki nesesè pou retabli otorite Leta sou teritwa a.