Ane jidisyè 2026-2027 la louvri ofisyèlman nan peyi a lendi 5 oktòb la, nan yon moman sistèm jidisyè ayisyen an ap fè fas ak gwo defi, tankou ensekirite, mank mwayen, enfrastrikti ki pa adapte ak bezwen tribinal yo ansanm ak difikilte sitwayen yo genyen pou jwenn aksè ak jistis.

Seremoni ofisyèl la te dewoule nan lokal Kou Kasasyon an, nan Champ-de-Mars, kote responsab pouvwa jidisyè a ak plizyè lòt aktè Leta te reyini pou make kòmansman nouvo ane jidisyè a. Dapre enfòmasyon yo, prezidan Kou Kasasyon ak Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ), Jean Joseph Lebrun, te prezante bilan travay sistèm jidisyè a pou ane ki sot pase a.

Pandan peryòd 2025-2026 la, Kou Kasasyon an te rann 286 desizyon, pandan senk Kou Dapèl yo te rann 249 arè. Tribinal Premye Enstans yo, bò pa yo, te trete 6 388 dosye. Chif sa yo montre aktivite ki fèt nan sistèm jidisyè a malgre kondisyon difisil kote plizyè jiridiksyon ap fonksyone.Men, kantite dosye trete yo pa kache pwoblèm estriktirèl ki toujou egziste nan aparèy jistis la.

Magistra yo mande plis mwayen ak sekirite

Nan okazyon ouvèti ane jidisyè a, Asosyasyon Pwofesyonèl Magistra yo (APM) mete aksan sou plizyè obstak ki kontinye limite fonksyònman tribinal yo. Òganizasyon an site mank mwayen, kantite magistra ki pa sifi, move kondisyon enfrastrikti ak ensekirite kòm kèk nan prensipal pwoblèm yo. APM mande gouvènman an ranfòse sekirite ak mwayen jiridiksyon yo pou sitwayen yo kapab jwenn sèvis jistis nan pi bon kondisyon.

Pou minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Patrick Pélissier, nouvo ane jidisyè a dwe ale ansanm ak efò pou rann jistis la pi aksesib pou popilasyon an. Li ensiste tou sou nesesite pou kontinye refòm sistèm jidisyè a epi adapte l ak reyalite peyi a.

Youn nan pi gwo dosye ane jidisyè 2026-2027 la se aplikasyon nouvo Kòd Penal ak nouvo Kòd Pwosedi Penal yo, ki prevwa antre an vigè 1ye janvye 2027.

Ministè Jistis la, avèk sipò PNUD, deja lanse pwogram preparasyon pou aplikasyon nouvo kòd yo. Refòm nan vize modènize sistèm penal la epi ranfòse pwoteksyon dwa ak libète sitwayen yo. Pami chanjman yo gen prensip ki mete libète kòm règ epi detansyon kòm eksepsyon, ansanm ak nouvo dispozisyon sou detansyon prevantif ak mezi altènatif ak prizon.

Nouvo kòd yo prevwa tou nouvo fonksyon nan sistèm jidisyè a, tankou jij libète, ki pral gen yon wòl nan kontwòl detansyon prevantif, ak jij aplikasyon santans, ki pral suiv fason desizyon penal yo egzekite.

Yon ane jidisyè ki pral teste kapasite Leta

Ane jidisyè 2026-2027 la louvri konsa nan yon peryòd kote kesyon sekirite, endepandans lajistis, aksè ak jistis, kondisyon travay magistrat yo ak refòm lejislasyon penal la pral rete nan mitan deba nasyonal la.

Nan yon deklarasyon li fè pandan ouvèti ane jidisyè a, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé mete aksan sou relasyon ki genyen ant jistis ak sekirite, pandan li rele pou yon jistis ki endepandan epi aksesib pou popilasyon an.

Pou ane sa a kapab pote chanjman reyèl, defi a pap sèlman rete nan adopte nouvo lwa oswa trete plis dosye. Li pral sitou nesesè pou Leta bay tribinal yo mwayen, garanti sekirite aktè jidisyè yo, amelyore enfrastrikti yo epi kreye kondisyon pou sitwayen yo kapab jwenn jistis nan yon delè rezonab.

Ane jidisyè 2026-2027 la kòmanse avèk anpil espwa pou refòm, men tou avèk gwo atant ak gwo responsablite sou do tout aktè sistèm jidisyè a.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...