Kenskòf : PNH reprann kontwòl Belo apre plizyè jou afwontman ak gwoup ame
Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) anonse li reprann kontwòl zòn Belo, nan komin Kenskòf, apre plizyè afwontman ak gwoup ame. Operasyon yo fè pati yon pi gwo ofansiv fòs lòd yo ap mennen depi plizyè semèn pou reprann kontwòl divès sektè estratejik nan komin nan.
Dapre enfòmasyon ki disponib, echanj kout zam yo te entans pandan operasyon yo. Apre plizyè konfwontasyon, fòs lòd yo rive avanse nan Belo, pandan yo kontinye deplwaye nan lòt sektè kote gwoup ame yo toujou reprezante yon menas. Divès sous rapòte tou operasyon yo poko fini e fòs sekirite yo ap travay pou konsolide espas yo deja reprann yo.
Repriz Belo a vini kèk jou apre PNH te anonse li reprann kontwòl plizyè lòt lokalite nan Kenskòf. Nan dat 26 septanm, enstitisyon an te fè konnen li te reprann Godè, Viard-1, Viard-2 ak Bois-d’Avril, apre yon seri operasyon ki te kòmanse depi kèk semèn.
Nan dat 5 oktòb la, kòmandman PNH la te fè yon vizit sou teren nan Kenskòf pou evalye sitiyasyon an epi verifye dispozitif sekirite ki mete nan zòn fòs lòd yo deja reprann yo. Delegasyon an te vizite, pami lòt kote, Bois-d’Avril, Nan Godè, Viard 1, Viard 2 ak Ofelina. PNH ak GSF te evalye fason pou ranfòse prezans yo epi anpeche gwoup ame yo repran pozisyon sa yo.
Yon komin ki sibi gwo vyolans
Kenskòf ap fè fas ak yon kriz sekirite grav depi kòmansman ane 2025. Selon yon rapò Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH) ak Biwo Komisè Segondè Nasyonzini pou Dwa Moun, atak ki te fèt ant 27 janvye ak fen mas 2025 te lakòz omwen 262 moun pèdi lavi yo epi 66 lòt blese. Rapò a fè konnen plis pase 3 000 moun te oblije kite kay yo, pandan anviwon 200 kay te detwi oswa boule.
Nasyonzini te deja soulve enpòtans estratejik Kenskòf nan ekspansyon gwoup ame yo. Nan mwa out 2026, reprezantan espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini an te raple Konsèy Sekirite a yon lòt atak grav ki te fèt nan komin nan, kote omwen 47 moun te mouri, plizyè lòt te kidnape e anpil moun te deplase.
Nan kòmansman mwa oktòb la, Komisè Nasyonzini pou Dwa Moun Volker Türk te mete aksan sou lefèt ke gwoup ame yo kontinye adapte estrateji yo epi chèche elaji enfliyans yo nan nouvo zòn, sitou nan Kenskoff ak Gressier.
Operasyon yo ap kontinye
Malgre pwogrè fòs lòd yo fè nan plizyè sektè, sitiyasyon an rete sou tansyon nan Kenskòf. Objektif PNH la se pa sèlman reprann espas ki te anba enfliyans gwoup ame yo, men tou konsolide prezans li pou anpeche yo retounen.
Pou moman an, pa gen okenn bilan ofisyèl sou kantite moun ki mouri, blese oswa kantite domaj materyèl ki ta kapab fèt pandan dènye afwontman yo nan Belo. Operasyon fòs lòd yo ap kontinye nan plizyè lòt sektè nan Kenskòf.