Haitian National Policemen guard the entrance to the U.S. Embassy as people gather to ask for asylum following the assassination of President Jovenel Moise, in Port-au-Prince, Haiti July 9, 2021. REUTERS/Ricardo Arduengo

Batay kont gang yo nan peyi a ap fèt nan yon kontèks kote kèk eleman ki ta dwe patisipe nan operasyon kont gwoup ame yo ta pito sèvi enterè rezo kriminèl yo. Se youn nan gwo enkyetid ki parèt nan dènye rapò final Gwoup Ekspè Nasyonzini sou Ayiti a, ki pote referans S/2026/714.

Nan dokiman an, ekspè yo fè konnen yo jwenn enfòmasyon sou konivans prezime ant kèk polisye ak gwoup ame, ansanm ak ka kote polisye ta detounen zam ak minisyon, bay gang yo enfòmasyon sou operasyon lapolis oswa fasilite kèk aktivite kriminèl.

Minisyon PNH ta rive nan men gang yo

Dapre ekspè yo, PNH te sezi 356 zam afe an 2025, pami yo fizi, pistolè, revolvè, zam atizanal ak fizi chas. Men, yo soulve pwoblèm ki genyen nan sistèm anrejistreman ak jesyon materyèl yo sezi yo.Rapò a fè konnen kèk zam ak minisyon ki pa t byen anrejistre ta vin detounen pa polisye kòwonpi. Ekspè yo di yo te jwenn tou minisyon ki soti nan stok PNH nan mitan minisyon gang yo t ap itilize.Gen polisye ki ta pran minisyon yo pa t itilize pou revann yo ilegalman bay gang, gwoup oto-defans, konpayi sekirite prive oswa lòt moun.

UDMO nan Artibonit anba ankèt

Gwoup Ekspè a mete yon atansyon espesyal sou sitiyasyon an nan depatman Latibonit.Dapre rapò a, Enspeksyon Jeneral PNH ap mennen ankèt sou aktivite kèk ajan UDMO nan zòn nan. Akizasyon yo konsène sitou detounman minisyon, kolizyon prezime ak gang epi sipò yo ta bay nan operasyon kote moun ap pran tè ilegalman. Yon ajan ta menm enplike nan plizyè ka ekzekisyon ekstrajidisyè nan Petite-Rivière de l’Artibonite ant septanm 2025 ak mas 2026. Pami viktim yo, rapò a site yon tifi ki te gen 14 an.

Gen polisye ki ta avèti gang yo anvan operasyon

Dapre enfòmasyon Gwoup Ekspè yo ranmase, kèk polisye ta avèti gang yo anvan fòs lòd yo lanse operasyon. Gen lòt ki ta bay enfòmasyon sou mouvman moun gang yo kapab vize pou kidnape.
Nan kèk ka, ekspè yo di polisye ta menm pèmèt moun ki nan gang yo chape ansanm ak otaj yo.

Sitiyasyon sa a gen gwo konsekans paske kidnaping rete youn nan sous finansman gwoup kriminèl yo. Pou sèlman janvye ak fevriye 2026, ekspè yo rapòte 143 ka kidnaping, ladan yo 109 nan depatman Lwès. Dapre ankèt ekspè yo, kat manm PNH ta asosye ak yon kidnaping ki te fèt nan mwa avril 2026 toupre Hôtel Montana. Rapò a mansyone tou mobilizasyon kèk lòt polisye, yo rele « zanmi kat yo », ki te patisipe nan manifestasyon pou mande liberasyon polisye yo.

125 ka ekzekisyon ekstrajidisyè

An 2025, Seksyon Dwa Moun BINUH te transmèt bay Enspeksyon Jeneral PNH 125 ka ekzekisyon ekstrajidisyè konfime oswa tantativ ekzekisyon.
Nan moman rapò a t ap prepare, 17 ankèt te deja fini, pandan lòt dosye yo te toujou ap trete.

Gang yo jwenn avantaj lè enfòmasyon lapolis koule

Pou Gwoup Ekspè yo, pwoblèm nan pa sèlman konsène kèk ka izole. Lè enfòmasyon sou operasyon yo soti anndan enstitisyon an, sa kapab bay gang yo tan pou yo deplase, kache zam yo, evite arestasyon oswa prepare kont atak. Ekspè yo konsidere rezo sipò ki antoure gang yo kòm youn nan rezon ki fè gwoup ame yo kontinye reziste malgre operasyon fòs sekirite yo. Dapre analiz yo, elimine oswa arete chèf gang yo sèlman pap sifi si yo pa atake rezo ki bay yo lajan, zam, enfòmasyon ak pwoteksyon.

Gwoup Ekspè yo rekonèt tou operasyon fòs sekirite yo mennen kont gang yo e li note kèk pozisyon otorite yo te rive reprann nan Pòtoprens ak Delmas.
Kesyon an se pito kijan enstitisyon an kapab ranfòse mekanis kontwòl entèn li yo pou anpeche zam, minisyon ak enfòmasyon sansib soti nan men ajan leta pou rive jwenn gwoup kriminèl yo.

Yon defi pou PNH ak sistèm jistis la

Rapò a soulve yon pwoblèm ki ale pi lwen pase batay sou teren an: si kèk moun anndan sistèm sekirite a ap ede gang yo, operasyon militè ak polisye yo poukont yo pap sifi pou kraze rezo kriminèl yo.Se poutèt sa ekspè yo rekòmande ranfòse sistèm pou anrejistre, konsève ak kontwole zam ak minisyon yo sezi yo, ansanm ak amelyore ankèt sou moun ki ta patisipe nan trafik materyèl sa yo.

An menm tan, tout enfòmasyon ki konsène polisye yo dwe konsidere kòm konsta, sispisyon oswa akizasyon ki soti nan ankèt la, selon ka a. Yo pa reprezante otomatikman yon kondanasyon jidisyè. Se otorite jidisyè ki gen responsablite pou etabli koupabilite yon moun devan lalwa.

Rapò S/2026/714 a montre konsa kriz sekirite Ayiti a pa sèlman yon konfwontasyon ant fòs lòd ak gang. Dapre ekspè Nasyonzini yo, gen yon seri rezo politik, ekonomik ak sekirite ki kapab ede gwoup ame yo jwenn resous, zam, enfòmasyon ak pwoteksyon.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841