Selon 6zyèm rapò groupe d’expert intergouvernemental sur l’évolution du climat (GIEC) la, ekspè yo prevwa yon ogmantasyon tanperati nan mond lan ki ap soti de 1.1 pou rive jiska 1.5 degre sèlsiyis an 2030.

Selon rapò GIEC la, tanperati a nan mond lan ap vin picho rive 2030 si pa genyen anyen ki fèt. Ekspè yo presize pou rive 2030, tanperati a ap kite 1.1 nivo li ye aktyèlman an pou rive 1.5 degre anplis. Sa ki pral antrene yon ogmantasyon frekans sechrès la nan mond lan. Sa ki pral genyen yon konsekans katastwofik pou peyi soudevlope yo, peyi ensilè yo sitou Ayiti. Sa ki pral genyen yon enpak négatif sou divès sektè sosyo-ekonomik ki deja sou lagraba an Ayiti selon Kenel Delisca ki t ap entèvni nan emisyon Haiti-climat ki pase sou antèn radio Magic9.

Selon sa otè rapò espesyal GIEC sou chanjman klimatik ak degradasyon tè yo rapòte, nou deja tou prè sèy ogmantasyon yo, li lè li tan pou nou fè problèm sa yo priyorite nou nan mond lan. Devlopman sosyo-ekonomik yo p ap bon san gade kesyon chanjman klimatik yo. Se pa sèlman yon problèm anvironmantal men tou yon problèm sosyetal ki dwe abòde nan tout entegralite li.

Sizyèm rapò a relate genyen ijans pou desidè nan mond lan aji an favè chanjman klimatik pandan y ap mete aksan sou pèt ak domaj nan preparasyon politik piblik yo.

Doktè Kenel Delisca fini pou di koze chanjman klimatik la ta dwe priyorite chak sitwayen nan mond lan pou redui enpak negatif yo. Li konseye otorite yo pou fè kesyon sila a priyorite yo. Yo dwe mete syans pou sèvi politik pou rann kont sou aktivite klima.

Chanjman klimatik yon fenomèn ki genyen gwo enpak négatif sou ti peyi soudevlope yo ki pa genyen twòp mwayen pou fè fas ak li.

Sous: Haiti-climat

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841