Se depi nan lane 1993 Nasyonzini te chwazi 22 mas pou selebre dlo sou la tè, sa fè egzakteman 30 lane, nan yon sèl objektif ki se fè pwojè pou devlopman dirab pou plis moun kapab rive gen bon jan aksè ak dlo,e sitou (dlo potab).

Pou lane 2023 a, ONI ki se (Òganizasyon Nasyonzini) fete jounen 22 mas la ak tèm sila: “Akselere chanjman pou rezoud kriz dlo ak asenisman”. Selon chif ONI prezante ki disponib, genyen anviwon 2,2 milya moun nan mond lan ki pa gen aksè ak dlo potab.

Isit nan peyi Ayiti, dlo potab rete yon gwo defi pou anpil abitan, sitou sila ki nan seksyon kominal yo e menm nan kapital la, lè nou sonje re-arisyon kolera lane 2022 a, kote premye ka yon selon responsab Ministè sante piblik nan peyi Ayiti te resanse nan komin Site Solèy, èske sa ta vle di Leta pa bò isit fèmen je l sou zafè dlo potab ou byen dlo an jeneral?

Anpil sous pa sispann seche (komin Sodo se youn nan egzanp vivan), kote etidyan finisan an syans devlopman epi jounalis Sadrax ULYSSE, antravè yon pwodiksyon jounal anliy Centre à la UNE, te deja reyalize yon gwo travay sou tarisman dlo nan komin Sodo, ki disponib sou tout platfòm jounal la. Anpil rivyè ap diminye, popilasyon ayisyèn nan lage 2 bra pandjye nan achte bokit dlo.

Nan Mibalè, seksyon Sarazen pou plis presizyon nan lokalite Divye, “ Ecole Mixte Destined For Grace” ki gen plis pase 10 lane depi y ap fete fèt dlo a, abitye bay plantil ak peyizan nan zòn nan pou plante nan lide pou diminye zafè debwazman. Pou lane 2023 a, yo te reyini elèv, paran ak divès otorite pou fè yon oumble sou enpòtans dlo.

Samuel Guillaume, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841