Gwo eskonbrit pete ant divès sitwayen nan dat 20 mas 2023 a nan komin Beladè seksyon Wasèk, kote fanmi Denizard ak Jérémie ap toke kòn yo nan yon konfli tè, ki endekse divès otorite tankou, Jij Kenold Louissaint, Depite Jean Gabriel Lionel, Polisye, CASEC…. Yon dosye popilasyon an nan zòn nan ap swiv.

Se nan lokalite Lopawonn gwo deplozay sila pete ant abitan yo, pou yon tèren ki evalye avèk 9 kawo 96 santyèm anviwon. Fanmi Denizard ki reklame pwopriyete sila, genyen ansyen depite 50tyèm lejislati a pou komin Laskawobas, Jean Gabriel Lionel, pou mandatè yo. Se depite a ki reskonsab pou fanmi Denizard, ki afème ak plizyè peyizan nan zòn Wanpa, Lopawonn, Kanno pou n site sayo sèlman.

Rejwenn pa mwayen telefòn pou di sa li panse de divès akizasyon ki peze sou do li yo, ansyen depite Gabriel Lyonel Jean fè konnen se lajistis ki pou deside rapid vit ak fèmye yo ki ravaje jaden fanmi Jeremi an, nan lide pou rann resipwosite.

Yon tèren ki chaje bagay sou li tankou: tabak, pistach, joumou, kalalou, patat, berejèn, tomat ak plizyè lòt kalite pwodwi. Plizyè peyizan ki sou tè a akize fanmi Sevère kòm kwa se fanmi sila ki ta debalize rapyetè 9 kawo 96 santyèm tè a, ki te genyen tout kalite pwodwi kite an preparasyon pou rekòlte.

Samuel ak Tibou ki se de (2) moun ki pèdi jaden yo, site non divès otorite ki kanpe dèyè zak sila a. Yo pale de Jij Kenold Louissaint, kazèk Willio Sanon ak èd kazèk Aman Fenelon, yo di ki detwi jaden yo. Rele nan telefòn Jij Kenold Louissaint ak èd kazèd Aman Fenelon, yo demanti enfòmasyon sila ki fè kwè yo kontribye nan detrui jaden sitwayen yo.

Majistra Kenold fè konnen li te jis ale fè yon konsta devastasyon yon sèl fwa nan espas la, li pa gen anyen pou wè ni de prè, ni de lwen ak deklarasyon peyizan yo. Èd kazèk Aman bò kote pa l, fè konnen li pa melanje nan dosye sila a, kontrèman ak sa ekip ki soutè a ta fè kwè. Pi lwen, li deklare li pa antre nan dosye a pou plizyè rezon li pa site.

Mèt Sevère Jérémie ki reprezante fanmi Sévère, ki se pitit sauveur Jérémie ki genyen 45 lane depi l ap travay tè a, fè konnen aprè plizyè ekstrè nan tribinal de pè Laskawobas la Jij Jean Claude ak plizyè polisye nan komisarya Laskawobas, plis ekstrè nan tribal premye enstans Mibalè ak plizyè jijman, komisè Gabriel Fleury ta bay aksè ak fanmi Jérémie pou rekipere tèren an.

Jiskaprezan, li di yo nan gwo difikilte pou rete lakay yo epi pou ale sou tè sila parapò ak yon gwoup nèg ak gwo zam manch long nan men yo, ki deklare y ap tire tout moun ki kanpe pou fanmi Jérémie ta rive rekipere teren an. Sa se deklarasyon mèt Sevère Jérémie nan mikro centre a la UNE.

Mèt Severe Jérémie ale pi lwen pou akize moun sa yo: Fredo, Ducamel, Celissa, ak ansyen depite Gabriel Lyonel Jean kòm divès nan reponsab gwoup nèg ak zam sa yo ki kanpe pou touye fanmi Jérémie an pou tèren paran yo mouri kite pou yo. Li pwofite mande ak minis jistis la prese prese met aksyon piblik an mouvman, nan sousi pou desitire gwoup ame sa a pou pita pa pi tris.

Wisnic Rondeau, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841