Koralisyon Enspektè ak Ansènyeman Fondamental Latibonit (CIEFA ) ofri 2 jounen fòmasyon pou Enspektè Fondamental yo nan Nivo wo Latibonit, ki fin jedi 23 mas 2023 a. Sekretè jeneral CIEFA , Pwofesè ilram Lorema, deklare se anviwon 74 enspektè ki resevwa fòmasyon sila pandan 2 jou nan nivo vil Gonayiv ki gen pou tèm :»Lidèchip ak manedjment«.

Sekretè jeneral ILram Loreman fè konnen seri Fòmasyon sa yo pral pèmèt enspektè yo vin pi pèfòman nan kad egzèsis fonksyon yo nan sektè edikatif onivo depatman an.

Bò kote pa l, enspektè Jean Wily ki se kòdonatè koralisyon an, plenyen anpil akòz mwayen ki pa genyen nan nivo BDS yo, pou pèmèt enspektè nan depatman an fè vizit nan nivo lekòl nasyonal yo ki genyen nan rejyon an. Li gen gwo kè kase fas ak fenomèn ensekirite a k ap fè pale de li dènye jou sa yo, ki lakòz enspektè yo pa kapab reyalize travay yo ak anpil Lekòl ki fèmen pòt yo nan divès komin, paske lajan kontan bandi malfwa yo achte komin sa yo.

Enspektè a fè konnen li rete kwè avèk yon nouvo Gouvènman lejitim, peyi a ap reprann fòm li kòm sadwa, paske Defakto sa yo k ap souse la a pa ka établi sekirite, tout nèt se kabrit Tomazo menm plim menm plimay yo ye.

Pwofesè Frisner Aurélien ki se Direktè depatmantal edikasyon Nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl nan Latibonit, ki te prezan nan pandan premye jounen fòmasyon enspektè yo nan entèvansyon l, felisite responsab yo nan koralisyon enspektè yo ki pran desizyon pou fè fòmasyon enspektè yo, ki, daprè li pral fasilite enspektè yo travay pi byen nan nivo sistèm edikatif Ayisyen an.

Poze l kesyon sou Pwofesè ki nan Pwogram PWONEK yo ki prèske genyen yon Lane depi yo pa resevwa salè yo travay, Direktè a reponn pou l di pwofesè ki nan pwogram PWONEK yo pral resevwa 9 mwa salè travay yo nan semèn k ap vini la a, swit ak virman biwo santral deja fè sou kont Direksyon Depatmantal la pou peye Pwofesè sa yo.

Pi lwen, nimewo 1 ministè edikasyon an Latibonit la deklare depi yon Pwofesè bidjetize nan leta, sa vle li nome, l ap touche nòmalman. Men si leta pa rekonèt l ap travay nan klas, li poko nome, okenn nan Pwofesè sa yo pa ka mande pou leta peye yo, si se pa yon kontra yo gen ak leta a, pandan li rekonèt gen Pwofesè k ap travay ki poko regilaze, se pou sa y ap akonpaye yo pou ede yo jwenn lèt nominasyon yo.

N ap note, se nan Lekòl Nasyonal Pongonden ki twouve l nan antre Sid vil Gonayiv la Enspektè yo te benefisye 2 jounen fòmasyon sa a, gras ak inisyativ Kowalisyon Ansenyeman Fondamental yo nan Latibonit (CIEFA).

Israël CEDIEU, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841