Nan rankont ofisyèl ki dewoule pandan vizit 2 jou prezidan Ameriken an Joe Biden nan peyi Kanada, selon enfòmasyon gouvènman peyi Kanada a rann piblik vandredi 24 mas 2023 a, yo fè konnen yo prefere sipòte polis nasyonal Ayiti a olye yo voye sòlda batay ak gang yo, kote Kanada pwomèt pou li bay Ayiti 100 milyon dola sou fòm èd ekipman ak soutyen finansye pou kore PNH la.

Yo kontinye pou di y ap kontinye sanksyone tout moun ki nan konivans ak gang yo an Ayiti, pandan yo pwofite di yo sanksyone Ansyen Senatè Nenel Cassy ak òm dafè Steeve Khawly, ki se tou yon ansyen kandida pou pòs prezidan Ayiti. Sa ki vin fè lis non moun ki sou sanksyon Kanada yo pase a 19. Nòt la presize 2 nouvo moun ki apèn sanksyone yo se toujou pou menm koz yo: y ap sipòte aktivite kriminèl an Ayiti epi yo nan dròg. Pyès moun sa yo p ap ka mete pwent pye yo Kanada.

Pou fini sou dosye Ayiti a, gouvènman peyi Kanada a di yo mete yo dakò pou akeyi 15 mil migran nan emisfè a sou baz imanitè e Ayiti ap youn nan benefisyè yo.

Yon lòt kote, administrasyon Biden nan voye jete, 24 mas 2023 a, pwopozisyon Ariel Henry te fè lè lite mande yon fòs militè pou rezoud kriz sekiritè a an Ayiti. Etazini kwè se pou ONU voye yon fòs tradisyonèl pou tabli lapè an AYITI, selon Miami Herald.

Pandan peyi a ap efondre nan twou ensekirite, kriz ekonomik ak imanitè, Premye minis Ayisyen an, Ariel Henry sou bò pal, ofri vandredi 24 mas 2023 a yon gwòg (cocktail) bay ansyen reprezantan BINUH an Ayiti, Henlen La Lime, nan kad fen misyon li nan peyi a. Ariel ki felisite Nasyonzini paske yo voye yon lòt fanm pou ranplase La Lime, fè konnen se gras ak La Lime sa a HCT a rive kote li ye jodi a.

Sadrax Ulysse, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841