Fondasyon Anderson Dovillas òganize, pou yon 3èm fwa, yon aktivite literè nan lokal lekòl EFACAP samdi 25 mas 2023 a, nan vil Mibalè depatman Sant Ayiti.

Aktivite sila dewoule nan yon espas atreyan, yon anbyans konvivyal, an prezans plizyè notab tankou ; Jean Baptiste Pierre Mothé, Bruny Frantz ak kèk jèn fi kou gason epi plizyè otè an siyati.

Fondasyon Anderson Dovillas òganize 3èm edisyon salon liv sila, toujou nan opitik pou fè pwomosyon pou liv ak manje lakay. Yon melanj liv, atizana ak gastwonomi, yon aktivite byen gani pou ta pèmèt jenès mibalezyèn nan epanouyi l an tout libète e ak tout serenite. Poutan, konsta a te klè kou dlo kòk, an depi de miz an plas ki fèt pou òganize yon aktivite si louwab, jenès mibalezyèn nan, nan fason masiv te absan.

Kesyon divès moun ap poze sou aktivite a ale nan sans sa : èske se yon pwoblèm maketin, èske se ensekirite jeneralize a ki gen yon enpak negatif sou aktivite a, oubyen èske se ta moun Mibalè ki pa apresye yon tèl inisyativ ?

Pou plizyè jèn, opinyon yo divèje. Roody Jean te abòde kesyon an konsa: 《 Pwomosyon fèt, petèt gen lòt faktè sosyetal ki ka eksplike sa. Mwen m panse jenès mibalezyèn nan pa renmen jan aktivite sa yo, deklare Noël Franco.》Yon lòt kote, Jordany René te fè estimasyon sila:《 Yon aktivite konsa se yon festival ide, ki gen yon enpòtans kapital e ki merite ankouraje; e li t ap bon tou si plizyè lòt moun ta lanse yo nan yon demach konsa, pou mye oryante jenès la. Se pou sa m ap felisite fondasyon Anderson Dovillas pou inisyativ sila.》

Ant liv, manje lakay ak mizik konsyan, lanmou pou liv ak kilti te prezan sou menm tab. Sepandan, lanmou sa a sanble pa travèse anpil jèn nan kominote mibalezyèn nan, men pou sa k te la yo, bonè a te palpab, e se nan menm demach lanmou sa a Carheen Cantave eskprime l konsa:《 M estime liv enpòtan menm jan yon moun bezwen manje, paske tèt la tout osi enpòtan menm jan vant lan, e se pou sa m lanse m nan yon batay konsa, nan vil Mibalè, notamman atravè klèb lekti nou tabli nan bibliyotèk Mibalè a.》

Fè aktivite literè/kiltirèl pou fè pwomosyon pou liv ak aktivite lespri, se yon batay ki difisil, se youn nan rezon ki esplike pa gen anpil jèn nan aktivite sila, e se pa sèlman Mibalè, se yon pwoblèm sosyetal. Malgre sa, nou angaje n pou n mennen batay la jiskobou, paske koz la nòb, viv liv viv lib. deklarasyon Jocelyn Jean ki se Direktè fondasyon Anderson Dovillas.

Jefferson BONISSANT, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841