Aprè peyi Brezil ak Lachin, gouvènman Endyen ak Malezyen an elimine dola ameriken an nan kad echanj komèsyal yo. Se sa yo rele «dedolarisation du monde» nan relasyon diplomatik. Pou fè kòmès, peyi sa yo itilize lajan ROUPIE, ROUBLE ak YUAN. Se sa jounal Sputnik pibliye madi 04 avril 2023 a.

Gouvènman Endyen an devwale nouvo politik komèsyal etranjè li a ki, pami divès lòt mezi, planifye pou abandone dola ameriken an epi fè ROUPIE a yon lajan mondyal.

Minis Komès ak Endistri Endyen an, Piyush Goyal, te anonse vandredi 31 mas la nouvo politik komèsyal etranje peyi a pou lane 2023 a, ki antre an aplikasyon 1e semèn mwa avril la. Pèman an ROUPIE devni pi gwo politik «New Delhi» a, ki garanti yon dimansyon mondyal pou lajan peyi a epi pèmèt li itilize pou nan komès entènasyonal.

Politik Endyen yo apenn pran plizyè etap, pou abandone dola ameriken an favè ROUBLE ak ROUPIE nan fè komès ak Larisi. Gouvènman Endyen an deplase ti kras pa ti kras nan sèvi ak ROUPIE pou enpòtasyon brit Iranyen. Malezi dènyèman te dakò pou rezoud komès li ak peyi End lè l sèvi avèk ROUPIE a.

An menm tan an, gwoup peyi ki fè pati òganizasyon BRICS la ki genyen peyi Brezil, Larisi, End, Lachin ak Afrik di Sid ap travay di pou fè lansman yon lajan komen, ki ta ka ranplase dola ameriken an.

Minis zafè Etranje Ris la, Sergei Lavrov, te anonse nan fen mwa janvye a nan fen negosyasyon li yo ak Prezidan Angolè a, Joao Lourenço, kreyasyon lajan komen sa a pral diskite nan kad somè ki pwograme pou mwa Out 2023 a nan Lafrik di Sid.
Peyi BRICS yo vle kreye pwòp mekanis yo, nan garanti devlopman ki estab ak pwoteksyon kont diktati etranje.

Pwosesis dedolarizasyon an pa sèlman ap pwogrese nan peyi End, piske Lachin ak Brezil te siyen yon akò komès nan fen mwa mas la, pou fasilite echanj ak lajan Yuan nan, kote y ap sèvi ak li nan plizyè sektè.

Prezidan Ris la tou, Vladimir Poutine, ki sipòte estrateji sa yo, ankouraje peyi Afriken yo ale nan itilizasyon Yuan nan. Larisi pral aksantye pozisyon li nan deba sa a. 2/3 nan komès Ris-Chinwa a deja fè ak ROUBLE epi YUAN.

Finalman, kijan Lèzetazini pral kanpe anfas nouvo mezi ekonomik sa yo ki bay dola li a anpil kou ?

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841